Ale nan kontni prensipal la
Kontni Prensipal

UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA)

Medicaid

Plan Florida Medicaid sa a ofri anpil kalite avantaj. Timoun, fanmi, fanm ansent ak adilt selibatè ka kalifye baze sou revni. Gade avantaj ki anba yo pou w wè tout sa li ofri.

Nou vle ou jwenn plis avantaj nan plan sante ou an. Si ou pa te fè yon evalyasyon risk sante, tanpri rele 1-888-716-8787 pou w pale avèk yon reprezantan, lendi jiska vandredi ant 8 AM-5 PM.

  • UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA) Etap pou Enskri
  • Verifye Kalifikasyon (louvri yon fenèt modal)

Pou Aprann Plis Sou UnitedHealthcare Community Plan. Rele Nou.

24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
MMA: 1-844-446-2151
LTC: 1-844-445-7229
TTY: 711

Èske ou kalifye pou Florida Medicaid, men ou poko yon manm?

  • Tèks ENROLL nan FLSMMC (357662). Ou pral bezwen nimewo ID Medicaid la chak manm ak nimewo PIN kont lan. 
  • Ale sou entènèt nan www.flmedicaidmanagedcare.com pou kreye yon kont sou Pòtay Manm lan oswa pou tchat ak Asistan Enskripsyon Vityèl nou an.
  • Rele Sèvis asistans nan telefòn lan pou pale ak yon Konseye Choice gratis nan 1-877-711-3662, Lendi jiska Jedi, 8 a.m.–8 p.m., epi Vandredi, 8 a.m.–7 p.m.. Itilizatè TTY/TDD yo, tanpri rele 1-866-467-4970

Ou bezwen aplike pou Medicaid?

Pou aplike pou Medicaid, ou ka pase atravè Depatman Timoun ak Fanmi Eta Florid an. Ou kapab ale sou sit entènèt SMMC an tou nan https://www.myflfamilies.com/medicaid

UnitedHealthcare Community Plan nan Florid se yon plan swen kontwole ki gen yon kontra ak Florida Medicaid. Enfòmasyon nou bay sou avantaj yo se yon ti rezime, men se pa yon deskripsyon konplè avantaj yo. Pou plis enfòmasyon kontakte Plan Swen Kontwole a. Limit, kopeman, ak restriksyon ka aplike. Avantaj yo, fòmilè a, rezo famasi, prim ak/oswa kopeman yo/ko-asirans gendwa chanje.

 

 

Avantaj & Karakteristik

Swen pou moun ki ansante ak Moun ki malad

Jwenn swen ou bezwen pou w rete ansante, oswa pou w fè miyò si w pran chòk oswa w malad. Li gen ladann:

  • Chwa Doktè. Jwenn yon doktè ou fè konfyans, nan rezo nou an.
  • Piki ak Vaksen. Vaksen woutin pou ede kenbe w ansante.
  • Liy Dirèk Enfimyè. Pale avèk yon enfimyè otorize 24/7.
  • Sèvis Terapi. Nou garanti terapi fizik, respiratwa ak lòt terapi.
  • Laboratwa ak Radyografi. Tès laboratwa, radyografi, ak imajri dyagnostik kouvri.

Nou vle ou jwenn plis avantaj nan plan sante ou an. Si ou pa te fè yon evalyasyon risk sante nan gwosès, tanpri rele 1-888-716-8787 pou w pale avèk yon reprezantan, ant 8-5 PM lendi-vandredi.

Pa gen anyen ki pi enpòtan pase sante ak byennèt oumenm ak tibebe w. Se poutèt sa plan avantaj nou yo gen ladan:

  • Vizit Prenatal. Swen pou oumenm anvan tibebe w fèt.
  • Healthy First Steps®. Jwenn sipò anplis ak rekonpans pou kenbe ou ak tibebe ou ansante.
  • Chwa Sant Nesans. Chwazi nan pami plizyè santèn lopital toupatou nan Eta Florid.
  • Swen nan kay. Vizit lakay ou ak sipò medikal si doktè ou mande sa.
  • Text4baby. Mesaj tèks ki gen konsèy ak rapèl itil.

Si ou gen opresyon, dyabèt oswa yon lòt pwoblèm alontèm, ou ka konte sou nou. Plan nou an asire ou jwenn swen ak sèvis ou bezwen yo. Avantaj yo gen ladan yo:

  • Sante Mantal. Nou garanti konsèy ak lòt tretman.
  • Jesyon Swen. Sipò pèsonèl nan men yon pwofesyonèl ki gen eksperyans.
  • Swen pou Opresyon ak Alèji. Egzamen, tès ak materyèl kouvri.
  • Sipò pou Dyabèt. Zegwi, matreryèl, plis kou sou kijan pou jere dyabèt.
  • Swen Rezidansyèl. Sejou kout nan yon etablisman swen pandan w ap refè nan maladi oswa chòk.

Asire ke kapasite pou ou wè ak pou ou tande nan meyè eta yo kapab ye. Avantaj yo gen ladan yo:

  • Vizyon. Egzamen zye ak jiska de linèt chak ane.
  • Odisyon (zòrèy). Nou bay tès, tchekòp ak aparèy pou ede tande, si sa nesesè, chak twazan.

    Atansyon Manm ki Dyabetik – Apati mwa Mas 2015, referans Doktè Swen Prensipal ou pa nesesè ankò pou Egzamen Zye Anyèl nan Retin pou Dyabetik kay yon Optometris. Referans obligatwa toujou pou wè yon Oftalmolojis.

Jwenn swen medikal ak ekipman ou bezwen pou w viv san danje nan kay ou. Pa egzanp, founisè swen ou ta ka rekòmande:

  • Vizit enfimye(è). Swen medikal pou ede ou refè an tout sekirite lakay li.
  • Ekipman ak Founiti. Ekipman medikal ak ekipman sekirite garanti.

Gendèfwa, ou ka bezwen yon ti èd anplis pou w itilize plan sante w la. Lè sa yo, ou ka konte sou:

  • Nurse HotlineSM. Pale avèk yon enfimyè otorize 24/7.
  • Entèprèt. Yon entèprèt ka ale avèk ou nan vizit medikal ou yo.
  • Sèvis pou Manm. Yo reponn kesyon ou genyen sou avantaj ou yo 24/7.
  • Transpò. Nou garanti trajè san limit alevini nan biwo founisè yo.
  • Pou sispann itilize tabak. Akonpayatè ak founiti pou ede ou sispann itilize tabak.
  • Founiti yo vann san preskripsyon. Jwenn ranbousman jiska $25 pou acha san preskripsyon ki apwouve.

Sipò pou Opresyon ak COPD

Èske oumenm oswa timoun ou gen pwoblèm pou jere sentòm COPD oswa opresyon? Yon enfimye(è) ki espesyalize nan pwoblèm respirasyon ka ede w reyèlman. W ap jwenn yon plan tretman adapte ak medikaman pou:

  • Jere rechit yo.
  • Diminye sentòm.
  • Fè oumenm oswa timoun ou rete aktif.

Jesyon Swen

Yon pwoblèm sante grav nesesite swen ak sipò anplis. Nou itilize Health Home yo pou kowòdone sèvis pou manm nou yo.

Èske oumenm oswa timoun ou gen yon pwoblèm sante ki grav? Alòs manadjè ka nou yo nan kan w lan. Yo pral:

  • Esplike tèm medikal yo nan yon langaj ki senp.
  • Kowòdone randevou kay doktè.
  • Bay ekip swen an dosye medikal yo.

Manadjè dosye w lan ap rete avèk oumenm oswa timoun ou an pandan tout peryòd medikal la. Li pral:

  • Reflechi sou bagay ki piplis pase bezwen medikal imedya.
  • Asire gen sipò nan kay la.

Chwazi Doktè

Ou gen yon doktè swen jeneral (PCP) ki doktè prensipal ou. Itilize zouti pou chèche Doktè a, pou wè si doktè ou nan rezo nou a.

Si ou pa gen yon doktè oswa si doktè w pa nan rezo nou an, nou ka ede w chèche yon nouvo doktè ki toupre w. 

PCP w la se doktè prensipal ou pou:

  • Swen prevantif.
  • Tretman si w malad oswa blese.
  • Rekòmandasyon kay espesyalis pou sèten pwoblèm medikal.

Chwa Sant Nesans

Kote ou fè tibebe w lan se yon chwa ki enpòtan. Se poutèt sa ou ka chwazi nan pami prèske 80 lopital toupatou nan Eta Florid.

Nou ankouraje tou pou w vizite sant nesans lopital la. Nan fason sa a, ou pral abitye avèk li. Ak pou w pi rilaks lè w ap akouche tibebe w la.

Sipò pou Dyabetik

Si w gen dyabèt, n ap rann lavi a yon jan pi fasil pou ou. W ap jwenn medikaman, founiti ak edikasyon pou ede w rive ak rete nan pi bon eta w.

Pwogram dyabèt nou an gen ladan tou fòmasyon pou pran swen pwòp tèt ou ak klas ki konsantre sou:

  • Planifikasyon repa nitritif.
  • Jesyon estrès.
  • Viv yon mòd devi ki sen.

Ekipman ak Founiti

Sante ak sekirite lakay ou enpòtan.

Plan nou an garanti ekipman medikal doktè w oswa manadjè dosye w mande. Sa ka gen ladan founiti tankou:

  • Kabann lopital.
  • Tank oksijèn.
  • Chèz woulant oswa wòkè.

Swen oditif

Pwoblèm pou tande ka afekte lavi toulejou ou nan anpil sans. Plan nou an gen ladan sèvis ak sipò pou ede pwoteje kapasite pou w tande (odisyon).

Nou kouvri:

  • Egzamen, terapi ak tès.
  • Aparèy pou ede tande chak twazan.

Pwogram Bon Konpòtman

Èske ou fimen? Si w fimen, èske w vle eseye epi kite fimen? Nou gen yon pwogram gratis ki disponib pou sispann fimen.

Èske ou vle travay pou w pèdi pwa oswa pou w adopte abitid manje ki pi bon pou sante? Kalite chanjman sa yo nan mòdvi ka ede w pou anpil maladi kwonik. Nou gen yon pwogram pou ba w èd pou sa.

Si ou te remake chanjman nan eta lespri w, abitid ou, oswa fason ou santi w, ou ka bezwen pale ak yon moun sou santiman sa yo.

Sèvis sante konpòtmantal yo disponib kòm yon pati nan avantaj ou yo. Nou ofri tou yon pwogram rekonpans si ou ta vle jwenn èd pou yon pwoblèm abi dwòg.

Tout pwogram sa yo disponib gratis pou ou. Si ou ta vle antre nan nenpòt nan pwogram sa yo, tanpri rele nou nan 1-844-446-2151. Nou la lendi jiska vandredi soti 8:00 AM jiska 7:00 PM Si ou tande di, tanpri konpoze 711.

Healthy First Steps®

Bati yon lavni ki ansante pou ou ak tibebe ou an epi resevwa gwo rekonpans ak Healthy First Steps. Pwogram nou an pral ede ou pran bon mezi yo pou kenbe ou ak tibebe ou an ansante. Met sou sa ou ka resevwa $10 jis paske ou enskri. 

N ap ede ou:

  • Chwazi founisè swen pou gwosès ak yon pedyat (doktè timoun).
  • Planifye vizit ak egzamen yo ak òganize transpò pou vizit ou yo.
  • Resevwa rekonpans dèske ou ale nan vizit yo pandan tout gwosès ou ak 15 premye mwa lavi tibebe a.
  • Jwenn materyèl, tankou ponp tete pou manman nouris yo.
  • Konekte avèk resous kominotè yo tankou sèvis pou Fanm, Tibebe ak Timoun (Women, Infants and Children, WIC).

Livrezon Manje nan Kay

Okipe de bagay debaz yo, tankou kwit manje, ka difisil apre yon move eta sante oswa maladi. Se pou sa n ap pote manje nourisan pou ou pou ede w travèse nan moman difisil yo. Ou ka jwenn jiska 10 repa yo livre chak ane apre lopital egzeyate w.

Ospitalizasyon

Plan sa a peye pou tout depans ki gen rapò avèk yon sejou lopital, konsa ou ka repoze epi geri.

Plan nou an kouvri:

  • Swen enfimyè.
  • Chanm ak manje.
  • Materyèl ak ekipman.
  • Tretman ak terapi.
  • Tès dyagnostik ak egzamen.

Apre ou fin kite lopital la, ou pa poukont ou. Nou asire ou jwenn swen swivi pou w kontinye geri lakay ou.

Entèprèt

Doktè ou ansanm avèk oumenm, youn dwe konprann lòt. Lè w pa pale Anglè byen sa fè l pi difisil. Nou ka fè aranjman pou yon entèprèt medikal la nan randevou ou yo.

Nou gen moun tou nan depatman sèvis pou manm yo ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.

Laboratwa ak Radyografi

Lè w konnen kisa pwoblèm lan ye e lè w detekte l bonè, sa ka fè tout yon diferans. Plan nou an kouvri:

  • Laboratwa ak tès.
  • Radyografi, eskanografi, ak lòt tès imajri.

N ap ede w jwenn enfòmasyon ki nesesè pou amelyore sante w oswa pou w nan pi bon fòm ou.

Èd nan domèn lang

Ou ka resevwa enfòmasyon nan lang ou pi pito a. Mande tousenpleman. Nou gen moun tou nan depatman sèvis kliyan nou an ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.

Medikaman

Plan nou an gen medikaman preskripsyon ladan ak renouvèlman medikaman.

Epi nou vle fè li fasil pou w jwenn medikaman w. Ou ka egzekite preskripsyon ou nan:

  • Famasi lokal ki nan rezo a.
  • Sèvis ki fè livrezon adomisil.

Sèvis pou Manm

Gen dèfwa ou ka bezwen èd pou konprann opsyon swen sante w yo. Lè w avèk nou, ou gen yon moun ou ka rele. N ap reponn kesyon w yo konplètman e avèk yon langaj ki senp.

Nou ka ede w tou pou jwenn:

  • Medsen Swen Prensipal ak Espesyalis.
  • Dantis ak founisè pou vizyon.
  • Famasi lokal.

Sante mantal

Sante mantal toutosi enpòtan ke sante fizik. Se poutèt sa nou gen asirans ki kouvri toulède.

Swen obligatwa kouvri a 100% san kopeman. Sa gen ladann:

  • Terapi konpòtmantal.
  • Medikaman.

Kopeman

Ou p ap gen yon kopeman pou swen ak sèvis plan nou an garanti.

Liy Dirèk pou Enfimyè

Pafwa, kesyon ak sitiyasyon medikal prezante a dè moman ki pa apwopriye. Lè w gen kesyon konsènan sante w oswa ak sante timoun ou, ou ka rele yon enfimye(è) 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.

Enfimyè nou yo ki nan Nurse Hotline la pral fè:

  • Tande ki sentòm ou di l ki prezante.
  • Gide pou pran swen tèt ou.
  • Ba w konsèy sou kijan pou jwenn swen kay yon doktè oswa nan yon sant swen dijans.
  • Ede w konnen kilè pou w ale nan sal dijans.

Vizit Enfimye(è)

Pafwa ou ka bezwen kontinye pran swen apre ou kite lopital, oswa swen ijan.

Si sante w an danje apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk, yon enfimye(è) ap vizite ou lakay ou pou:

  • Bay swen medikal pou oumenm oswa timoun ou an.
  • Reponn kesyon w ak enkyetid ou.

Founiti yo vann san preskripsyon

Depans swen sante w ka gen ladan medikaman ak founiti ki pa bezwen preskripsyon tankou aspirin, medikaman pou tous oswa bandaj. Plan nou an ap garanti jiska $25 chak mwa pou medikaman oswa founiti medikal yo vann san preskripsyon ou achte ki nesesè pou rezon medikal.

Swen pandan gwosès

Yon gwosès se yon eksperyans ou ta dwe fè avèk èd zanmi, fanmi epi yon doktè pou gwosès, oswa Obstetrisyen-Jinekològ.

Nou garanti tout vizit nan klinik prenatal ak tès ou ki rekòmande yo.

Nan vizit sa yo, klinik la ap:

  • Asire oumenm ak tibebe w la ansante.
  • Eksplike kisa pou w atann nan chak etap gwosès ou.
  • Reponn kesyon w yo.

Swen Rezidansyèl

Apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk ou ka bezwen swen enfimye ak terapi anplis.

Si sa nesesè, plan nou an garanti sejou kout nan yon sant reyabilitasyon kote ou kapab geri. Sa ki genyen se:

  • Sèvis mezon retrèt.
  • Swen enfimye 24-èdtan.
  • Èd avèk aktivite lavi toulejou.
  • Terapi fizik, okipasyonèl, ak pou lapawòl.

Sispann itilize tabak

Ou konnen move efè fimen gen sou sante w.

Ou konnen fòk ou kite fimen. Nou ba w sipò pandan w ap kite avèk èd akonpayatè ak founiti. Sèl bagay ou p ap jwenn nan men nou, sèke nou pa pral fè moral ou.

Piki ak Vaksen

Piki woutin pou ede pwoteje ou kont maladi.

Kidonk, plan nou an kouvri:

  • Vaksen kont nemoni, grip ak zona.
  • Lòt piki ak vaksen ki rekòmande yo.

Telesante

Swen chak jou san ou pa peye anyen! Pale avèk yon doktè 24/7 nan telefòn oswa videyo — lajounen tankou lannwit kèlkeswa kote ou ye a.
Nou ka fè dyagnostik, trete, ak preskri medikaman si sa nesesè pou:

  • Grip
  • Lafyèv
  • Tous
  • Maltèt
  • Vant fè mal
  • Gratèl
  • Alèji
  • Enfeksyon respiratwa siperyè
  • Ak plis toujou

Rele nan 1-888-716-8787 pou jwenn plis enfòmasyon.
 

Text4baby

Text4baby ka ede nouvo manman ak fiti manman yo kenbe tèt pa yo ak tibebe yo ansante.

W ap resevwa twa mesaj tèks chak semèn pandan tout gwosès ou ak pandan premye ane tibebe w la. Chak tèks gen ladan konsèy sou sante ak sekirite pou sijè tankou:

  • Swen prenatal.
  • Tranche ak akouchman.
  • Alètman matènèl.
  • Dòmi san danje.
  • Nitrisyon.
  • Sekirite chèz machin.

Pou oumenm ak tibebe ou an ka pran yon bon depa.

Sèvis Terapi

Terapi ka ede ou refè apre yon chòk oswa maladi grav, oswa tou senpleman reyalize tout sa ou kapa fè. Manm yo resevwa sa yo bezwen kòm:

  • Terapi okipasyonèl.
  • Terapi fizik.
  • Terapi respiratwa.
  • Terapi lapawòl
Manm ki bezwen èd pou jwenn sèvis pedyatrik, oswa founisè ki gen pwoblèm, ka kontakte kowòdonatris plan nou an Adrianna Genaro nan 612-428-6681, oswa pa imèl nan adrianna.genaro@optum.com.

Sèvis Transpò

Plan nou an prevwa trajè aleretou san limit pou fè alevini nan anplasman swen sante yo. Sa gen ladan trajè pou:

  • Vizit ka doktè oswa nan terapi.
  • Depatman sante yo.
  • Klinik pou vizyon.
  • Sant swen ijan yo.

Swen pou vizyon

Ou pral jwenn swen, linèt ak tretman ki pèmèt ou wè lavi a pi aklè. Plan an kouvri:

  • Egzamen regilye.
  • Jiska de monti chak ane.
  • Vè preskripsyon.

Se Vision Service Plan ki ofri avantaj sa a.

Vizit pou moun ansante

Vizit konsiltasyon kay doktè pou moun an sante ka ede kenbe ou an sante. Vizit konsiltasyon sa yo ka ede detekte pwoblèm sante bonè, pou yo sa trete yo. Sèvis prevantif gen ladan yo:

  • Tchekòp pou granmoun ak timoun.
  • Piki ak tès woutin.
  • Mamogram.

Pa gen okenn kopeman pou swen prevantif yo.

Resous pou Manm

Resous pou Manm yo (louvri yon fenèt modal)

Aprann plis sou UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA)

Powered by Translations.com GlobalLink OneLink SoftwarePowered By OneLink