Ale nan kontni prensipal la
Kontni Prensipal

UnitedHealthcare Health & Home Connection, Glosè

A

  • Direktiv Davans

    Se yon desizyon ou pran davans sou swen sante w pou si jamè ou pa ta anmezi pou pale pou tèt ou. Sa ap pèmèt fanmi ou ak doktè yo konnen ki desizyon ou ta pran si ou te anmezi pou fè sa.

  • Apèl

    Ou kapab fè yon apèl si ou pa dakò avèk yon desizyon nou te pran ("refi"). Yon refi se lè nou di non pou yon sèvis oumenm oswa doktè ou te mande pou nou ba ou. Sa ta ka tou lè nou pa ba ou tout kantite nan yon sèvis ou te vle. Pa egzanp, ou kapab fè yon kontestasyon si doktè ou te vle yon medikaman nou pa aksepte. Ou kapab fè yon kontestasyon tou si nou pa dakò pou entène nan yon lopital. Si ou pa dakò men se pa paske nou te di non pou sa ou te mande a, ou kapab fè yon doleyans.

  • ASC/SPU

    Sant chirijikal anbilatwa/inite pwosedi kout.

  • Otorizasyon

    Yon apwobasyon pou yon sèvis.

B

  • Avantaj yo

    Sèvis, pwosedi, ak medikaman UnitedHealthcare ap garanti pou ou.

C

  • Jesyon Swen Klinik

    Èd endividyèl ou resevwa nan men yon enfimye(è) ki bay edikasyon ak kowòdinasyon avantaj UnitedHealthcare, ki adapte pou bezwen ou yo.

D

  • Anilasyon Enskripsyon

    Lè ou deside pa manm ankò nan UnitedHealthcare.

E

  • Ijans

    Lè ou kwè avèk rezon sante ou nan danje grav.

F

  • Fwòd

    Yon zak ki fo (egzanp: si yon moun ki pa oumenm itilize kat ID ou, epi li fè tankou li se oumenm).

G

  • Doleyans

    Ou kapab fè yon doleyans lè ou pa satisfè. Ou kapab fè sa lè ou pa satisfè avèk plan nou an, oswa avèk founisè nou yo, oswa avèk nenpòt bagay ki diferan avèk yon "aksyon". Pa egzanp, ou ka fè yon doleyans si ou gen yon pwoblèm pou pran yon randevou avèk yon founisè, oswa si ou gen pwoblèm pou jwenn yon founisè. Ou kapab fè doleyans lan si ou panse ou pa jwenn bon swen. Ou kapab fè doleyans lan tou si yon doktè voye bòdwo ba ou pou sèvis ou resevwa avèk Plan nou an. Ou kapab fè yon kontestasyon si ou pa dakò avèk yon desizyon nou te pran (yon 'aksyon') (al gade seksyon Kontestasyon).

H

  • Ajans Sante nan Kay

    Yon konpayi ki gen kontra avèk UnitedHealthcare pou ofri swen pou ou lakay ou.

I

  • Kat ID

    Kat idantifikasyon – yon kat ki endike ou se yon manm UnitedHealthcare. Ou ta dwe gen kat sa a avèk ou toutan.

  • Konsantman Reflechi

    Doktè yo ba ou enfòmasyon sou yon tretman oswa tès presizeman pou w kapab deside si wi ou non ou vle swiv tretman an oswa fè tès la.

  • Pasyan entène

    Lè yo admèt ou nan yon lopital pandan yon peryòd tan.

M

  • Nesesite Medikal

    Founisè swen sante ou deside si yon tretman, admisyon, pwosedi, founiti medikal, ekipman, sèvis oswa founiti nesesè pou rezon medikal.

  • Manm

    Yon manm ki kalifye pou UnitedHealthcare.

O

  • Pasyan ekstèn

    Lè ou gen yon pwosedi ki fèt ki pa mande pou w entène nan lopital la pandan yon nwit. Nan kèk ka, ou ka pase nwit nan lopital la san yo pa admèt ou kòm yon pasyan entène.

P

  • Founisè swen prensipal (PCP, Primary Care Provider)

    Yon doktè ou chwazi kòm doktè fanmi ou. Yo gen pwòp pratik prive yo.

  • Otorizasyon Davans

    Pwosesis pou nenpòt sèvis ki bezwen yon apwobasyon UnitedHealthcare anvan li kapab fèt.

  • Founisè

    Nenpòt pwofesyonèl medikal UnitedHealthcare gen kontra avèk li pou pran swen ou.

  • Anyè Founisè

    Yon lis founisè ki patisipe nan UnitedHealthcare Community Plan pou ede satisfè bezwen swen sante ou.

R

  • Referans

    Lè oumenm ak doktè swen jeneral ou dakò ou bezwen wè yon lòt doktè, doktè swen jeneral ou ap voye ou ba yon espesyalis UnitedHealthcare.

S

  • Sèvis Oto-Refere

    Sèvis ke ou pran san ou pa bezwen wè founisè swen jeneral ou pou yon referans.

  • Espesyalis

    Yon doktè ki gen yon fòmasyon presi ak detaye nan yon sèten domèn medikal.

T

  • Tretman

     Swen ou gendwa resevwa nan men doktè yo ak etablisman yo.

U

  • Swen Ijan

    Lè ou bezwen swen, tretman, oswa konsèy medikal nan yon peryòd 24 èdtan.

W

  • WIC

    Pwogram Manje Siplemantè pou Fanm, Tibebe ak Timoun, ki bay konsèy sou nitrisyon, edikasyon sou nitrisyon, ak manje nourisan pou fanm ansent ak apre akouchman, pou tibebe ak pou timoun jouk rive nan laj 2. Timoun yo konsidere ki gen defisyans nitrisyonèl yo kouvri jouk rive nan laj 5 si yo gen revni fèb epi yo konsidere yo arisk sou plan nitrisyonèl.

Retounen anlè paj la

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Medicaid Eta Florid, telechaje Gid Referans pou Eta Florid Medicaid lan.

Aprann plis sou UnitedHealthcare Health & Home Connection

Enfòmasyon sou Enskripsyon

Espesyalis plan Health & Home Connection (Koneksyon Sante ak Kay) lan ka reponn kesyon epi ede ou enskri. 

Etap 1: Rele Oryantasyon sou Chwa nan liy gratis pou èd lan nan 1-877-711-3662.

Etap 2: Pale ak Sèvis Kliyan Health & Home Connection lan gratis.

Rele nou:
1-800-791-9233 / TTY: 711

8:00 AM jiska 5:00 PM lè lokal, lendi jiska vandredi

Si ou pare pou patisipe, oswa ou senpman vle konnen plis, rele epi pale ak yon Konseye sou Chwa Medicaid gratis nan 1-877-711-3662. Itilizatè TTY/TDD yo tanpri rele 1-866-467-4970. Ou ka enskri sou entènèt tou nan flmedicaidmanagedcare.com.

Etap pou Enskri
Jwenn detay yo

Se CARES (Comprehensive Assessment and Review of Long-Term Care Services) ki detèmine kalifikasyon pou enskripsyon nan plan UnitedHealthcare Health and Home Connection.

Pou dekouvri si ou kalifye, oswa lokalize yon seksyon CARES toupre ou, rele Liy Asistans pou Moun Aje yo: 1-800-963-5337.

Enfòmasyon pou Manm

Èske w manm deja? Ou gen aksè pou w ale sou sit Entènèt nou an ki pou manm yo sèlman. Enprime Kat Idantifikasyon, kominike avèk yon enfimyè pandan w sou Entènèt la, epi fè plizyè lòt bagay toujou.

Sit Entènèt pou Manm

Powered by Translations.com GlobalLink OneLink SoftwarePowered By OneLink