Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Vaksen COVID-19 FDA otorize yo kouvri nan pataj frè $0 pou ou jiska 31 desanm 2021. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi ak depatman sante Eta yo endike kimoun ki kapab pran vaksen yo epi kilè. Aprann plis bagay sou vaksen COVID-19 yo isit la.
Nou gen ekip doktè, founisè ak espesyalis k ap kolabore avèk depatman sante Eta yo ak depatman sante lokal yo, ansanm ak Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Òganizasyon Mondyal Lasante (World Health Organization, WHO). Nou vle ede w aprann sou Kowonaviris (COVID-19) pou ou ka pwoteje tèt ou ak moun ki ozalantou w. Si ou panse ou ta dwe fè tès, ou vle pale avèk yon founisè swen sante, ou bezwen swen medikal, oswa si ou gen kesyon sou depans ki sot nan pòch ou ak avantaj yo, nou ka ede ou.
Li enpòtan anpil pou w fè tès. Si tès ou pozitif pou Kowonaviris (COVID-19), li trè enpòtan ke ou trete san pèdi tan. Pou ede avèk sa, UnitedHealthcare ap anile pataj frè manm yo pou tretman pou COVID-19 lan ki baze sou yon dyagnostik pozitif ki konfime pandan tout peryòd ijans sante piblik nasyonal la pou plan sante Medicare Advantage, Medicaid, plan sante Individual ak Group Market ki asire konplètman. Mizanplas la ka varye pou kliyan ki se patwon ki finanse pwòp tèt yo.
Aprann plis sou kouvèti asirans pou tès, vizit, tretman ak avantaj adisyonèl. Si ou gen kesyon, rele nimewo ki sou kat ID manm ou an oswa konekte ou nan kont plan sante ou.
Ansanm, nou ka ede w pwoteje sante w ak sante moun pwòch ou yo.
Nou vle fè rechèch enfòmasyon sou kouvèti asirans fasil pou ou.
Ou ka anmezi pou pale avèk yon founisè swen sante pandan ou lakay ou.
Nou te rasanble Kesyon Kouran sou Kowonaviris (COIVD-19) pou ede manm nou yo jwenn enfòmasyon.
Ou pral jwenn plis èd konsènan sa ou dwe fè si ou malad, kijan pou pwoteje sante ou ak plis toujou. Vizite lyen yo ki anba a oswa ale nan CDC pou jwenn enfòmasyon pi resan yo sou COVID-19 la
Avantaj yo ki dekri sou sitwèb sa a dekri egzijans federal yo ak politik nasyonal UnitedHealthcare, avantaj anplis ka disponib nan sèten Eta ak nan sèten plan.
Paj sa a dekri avantaj nou ofri tout manm yo nan tout Eta yo. Yo gen ladan tou egzijans federal yo. Plis avantaj ka disponib nan sèten Eta ak nan sèten plan. Nou te kreye règ ak pratik ki gendwa aplike pou kèk nan pwodui nou yo nan moman sa a. Enfòmasyon yo se yon rezime epi yo kapab sibi chanjman. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Reprezantan Komèsyal ou oswa rele nimewo ki sou kat ID manm ou an.
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.