Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Pandan y ap rapòte plis ka COVID-19, UnitedHealthcare ap reponn a bezwen ak enkyetid manm yo. Tcheke enfòmasyon yo ki anba a pou jwenn repons pou kesyon ki kouran konsènan COVID-19.
Vaksen kont COVID-19 yo se yon etap enpòtan pou ralanti pwopagasyon maladi a. Nou angaje nou pou ede ou rete enfòme. Si ou gen kesyon sou vaksen yo ak sou sante ou, pale avèk founisè swen sante ou an.
Meyè fason pou anpeche maladi a se evite ekspoze nan viris sa a. Menm jan ak nenpòt posiblite maladi, tankou grip, li enpòtan pou swiv bon pratik pou prevansyon, sa gen ladan:
Rete enfòme sou konsèy ki pi resan yo:
Sante, sekirite, ak byennèt ou devan Kowonaviris (COVID-19) lan se pi gwo priyorite nou. Dapre CDC, moun ki gen risk yo gen ladan moun aje yo, epi moun ki gen pwoblèm medikal kwonik grav tankou maladi nan kè, nan poumon, oswa maladi nan ren sanble gen yon pi gwo risk pou maladi COVID-19 ki pi grav. Moun aje yo kapab gen de fwa plis chans tou pou yo gen yon maladi grav ak COVID-19. Sa vle di pifò moun ki gen Medicare yo gen pi gwo risk.
Gade enfòmasyon sou Kowonaviris (COVID-19) pou manm Medicare yo.
Rele founisè swen primè ou touswit si ou panse ou te ekspoze nan COVID-19. Founisè swen ou ap gen pwosedi espesyal pou ou swiv. Pou jwenn yon founisè rezo, Manm UnitedHealthcare yo ka vizite yon sitwèb an sekirite.
Si founisè swen jeneral ou oswa pwofesyonèl medikal ou panse ou ka gen COVID-19, y ap kontakte CDC oswa depatman sante piblik lokal ou pou etap pou swiv pou tès la. Aktyèlman, sèl tès ki disponib Ozetazini se yon tès CDC ak kèk depatman sante piblik Eta yo founi gratis. Yo prevwa Ajans pou Kontwòl Manje ak Medikaman (Food and Drug Administration, FDA) ap apwouve tès nan laboratwa deziyen toupatou nan peyi a.
Frè yo kouvri pou tès COVID-19 yo ak vizit anrapò ak tès yo
UnitedHealthcare anile frè pou tès COVID-19 ke yo fè nan anplasman ki apwouve yo konfòmeman ak machaswiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini (U.S. Centers for Disease Control and Prevention, CDC). Epi n ap anile kopeman, ko-asirans ak dediktib pou vizit ki anrapò avèk tès COVID-19 jiska 22 Oktòb 2020, kit ou resevwa swen yo nan yon klinik founisè swen sante, yon sant swen ijans oswa yon sèvis dijans.
Kouvèti asirans sa a aplike pou manm Medicare Advantage ak Medicaid.
Optum, ki fè pati UnitedHealth Group, ap louvri Liy Èd pou Sipò Emosyonèl li an. Pèsonèl fòme yon fason pwofesyonèl sou sante mantal disponib pou soutni moun ki ka soufri laperèz oswa estrès ki soti nan COVID-19. Nimewo Liy Èd pou Sipò Emosyonèl Optum lan se 1-866-342-6892 epi l ap louvri 24 èdtan pa jou, sèt jou sou sèt. Sèvis la gratis epi li ouvè pou nenpòt moun.
Si ou gen plan pou vwayaje, asire ou tcheke konsèy CDC pou vwayaj yo, ansanm ak gid pou vwayaj CDC pibliye dènyèman pou Ameriken ki pi aje yo, pou moun ki gen pwoblèm sante alabaz ak tout moun ki planifye vwayaje sou bato kwazyè.
Ajans pou Kontwòl Manje ak Medikaman (FDA) te anonse nouvo direktiv, ki otorize sèten laboratwa reyalize nouvo tès pou COVID-19 dapre Amannman Amelyorasyon Laboratwa Klinik yo oswa CLIA (Clinical Laboratory Improvement Amendments). Nenpòt nouvo tès COVID-19 ki satisfè estanda ofisyèl egzijib yo ap kouvri annakò avèk machaswiv ak itilizasyon CDC yo. UnitedHealthcare gen entansyon bay kouvèti asirans pou tès laboratwa yo lè FDA apwouve yo. N ap kolabore avèk founisè laboratwa nasyonal nou yo pou ofri kouvèti dèke nouvo tès yo disponib. Nou konseye pou swiv machaswiv CDC yo sou metòd prevansyon, depistaj, dyagnostik ak tès pou COVID-19.
Nou gen yon pwosesis anplas pou redwi nenpòt kalite deranjman sèvis, si sitiyasyon sa a rive. Anplis, patnè chèn apwovizyònman nou yo fè nou konnen yo panse enpak COVID-19 pral fèb sou chèn apwovizyònman medikaman yo pa egzanp. UnitedHealthcare ap siveye sitiyasyon sa a epi li pral bay enfòmasyon ak mizajou lè nou vin jwenn nouvo enfòmasyon.
N ap siveye COVID-19 de prè epi gen yon ekip espesyalis k ap travay 24 èdtan sou 24. N ap fè tout sa ki posib pou soutni sante moun nou gen privilèj sèvi yo. Pi gwo priyorite nou se sante ak byennèt manm nou yo ak pasyan nou yo, ansanm ak sekirite pwofesyonèl swen sante k ap bay swen yo.
UnitedHealthcare te anile frè pou manm pou tès dyagnostik apwouve pou COVID-19 pou tout manm ki gen asirans komèsyal, Medicaid ak Medicare ki gendwa afekte ak COVID-19.
UnitedHealthcare ap travay tou pou soutni kliyan ki asire pwòp tèt yo ki chwazi mete anplas aksyon menm jan.
N ap swiv tout konsèy ak pwotokòl ke Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini (U.S. Centers for Disease Control and Prevention, CDC), ak depatman sante piblik Eta ak lokal yo pibliye pou soutni bezwen manm nou yo.
UnitedHealthcare gen pwosesis anplas pou reyaji ni pou epidemi lokal ni kalite sitiyasyon pandemi (epidemi mondyal) yo. Men, chak evènman san parèy. Nou konte sou depatman sante piblik Eta yo, CDC, ak Òganizasyon Mondyal Lasante pou bay konsèy presi sou deteksyon, dyagnostik ak tretman. Menmsi detay COVID-19 gendwa diferan, metòd nou an sanblab.
Optum, ki fè pati UnitedHealth Group, te louvri Liy Èd pou Sipò Emosyonèl li an. Pèsonèl fòme yon fason pwofesyonèl sou sante mantal disponib pou soutni moun ki gendwa soufri laperèz oswa estrès akòz COVID-19. Nimewo Liy Èd pou Sipò Emosyonèl Optum lan se 866-342-6892 epi li louvri 24 èdtan pa jou, sèt jou sou sèt. Sèvis la gratis epi li ouvè pou nenpòt moun.
Sitiyasyon COVID-19 lan ap kontinye ap evolye ak chanje, kidonk nou pral kontinye evalye nesesite pou nouvo règleman oswa pwosedi pou COVID-19 pou soutni manm nou yo.
Avantaj yo ki dekri sou sitwèb sa a dekri egzijans federal yo ak politik nasyonal UnitedHealthcare, avantaj anplis ka disponib nan sèten Eta ak nan sèten plan.
Paj sa a dekri avantaj nou ofri tout manm yo nan tout Eta yo. Yo gen ladan tou egzijans federal yo. Plis avantaj ka disponib nan sèten Eta ak nan sèten plan. Nou te kreye règ ak pratik ki gendwa aplike pou kèk nan pwodui nou yo nan moman sa a. Enfòmasyon yo se yon rezime epi yo kapab sibi chanjman. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Reprezantan Komèsyal ou oswa rele nimewo ki sou kat ID manm ou an.
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.