Glosè Tèm Swen Sante yo

Viewing all glossary entries

A

  • Abòne

    Gade nan Patisipan.

  • Admisyon

    Yon pasyan enskri, anjeneral ki entène pandan 24 èdtan omwen, nan yon lopital, etablisman swen enfimye kalifye oswa lòt etablisman swen sante.

  • Ajans Swen Sante nan Kay (Home Health Agency, HHA)

    Yon etablisman oswa pwogram lisansye, ki sètifye oswa ki otorize nan lòt fason dapre lwa Eta ak federal pou ofri sèvis swen sante nan kay.

  • Aktivite Lavi Toulejou (Activities Of Daily Living, ADLS)

    Aktivite ki fèt nan kad woutin chak jou yon moun pou swen tèt li, tankou benyen, abiye, ale nan twalèt, ale ak soti nan kabann, ak manje.

  • Aktyè

    Yon moun ki fè estimasyon risk ak prim asirans.

  • Andeyò Rezo (Out-Of-Network, OON)

    Pwoteksyon asirans pou tretman yon founisè ki pa gen kontra fè. Anjeneral, li mande pou peye yon franchiz ak pi gwo kopeman ak ko-asirans pase pou tretman nan men yon founisè ki gen kontra. Sèten plan sante pa ofri avantaj pou tretman andeyò rezo, alesepsyon nan ka dijans.

  • Andeyò Zòn (Out-Of-Area, OOA)

    Pwoteksyon asirans pou tretman yon moun ki asire jwenn tanporèman andeyò zòn sèvis rezo a.

  • Andikap

    Nenpòt pwoblèm ki lakòz limit nan fonksyònman ki jennen kapasite yon moun pou li fè travay òdinè li epi ki lakòz yon gwo limit nan youn oswa plizyè aktivite enpòtan nan lavi.

  • Apèl

    Yon demann ofisyèl pou egzamine yon aksyon lè ou pa satisfè ak yon desizyon plan sante ou pran.

  • Apre-tretman

    Sèvis apre w fin entène lopital oswa apre reyabilitasyon.

  • Avantaj Retrete

    Avantaj patwon yo bay pou retrete yo.

B

  • Benefisyè Medicare Kalifye (Qualified Medicare Beneficiary, QMB)

    Yon moun ki gen revni ki anba 100% gid federal sou povrete, epi Eta moun lan dwe peye pou li prim, franchiz ak kopeman Pati B Medicare.

  • Benefisyè

    Yon moun ki resevwa avantaj asirans.

  • Benefisyè Medicare

    Yon moun Sekirite Sosyal deziyen ki gen dwa pou resevwa avantaj Medicare.

D

  • Dat Antre Anvigè

    Dat kote yon kontra vin aktif.

  • Dat Kalifikasyon

    Dat ki presize lè yon manm vin kalifye pou avantaj nan yon kontra ki egziste deja.

  • Dat Sèvis

    Dat yo te bay moun ki asire a sèvis swen sante.

  • Defisyans

    Nenpòt pèt oswa anomali nan estrikti oswa fonksyon sikolojik, fizyolojik oswa anatomik (pa egzanp, pèt kapasite pou tande).

  • Defisyans Koyitif

    Memwa oswa rezònman ki diminye.

  • Depandan

    Yon moun ki depann de yon manm pou sipò lajan ak/oswa pou jwenn pwoteksyon asirans sante grasa yon mari/madanm, paran oswa granparan ki limenm se manm lan.

  • Depans Maksimòm avèk Lajan Pòch

    Limit sou total kopeman, franchiz ak ko-asirans yon manm dapre yon kontra avantaj.

  • Dezyèm Opinyon

    Opinyon medikal nan men yon lòt pwofesyonèl swen sante – pou fè konparezon ak yon dyagnostik medikal.

  • Doleyans

    Deklarasyon mekontantman w ak nenpòt pati nan swen ou. Ou ka depoze yon doleyans nan telefòn oswa alekri, epi ou dwe depoze li nan plan ou an dirèkteman.

  • Doub Kalifikasyon

    Doub kalifikasyon vle di kalifikasyon yon moun pou li enskri nan pwogram ni Medicaid ni Medicare. Moun ki kalifye pou toude pwogram yo, souvan yo rele yo doub oswa doub kalifye. 

  • Doub Kalifikasyon ki Entegre Totalman (Fully Integrated Dual Eligible, FIDE)

    Moun doub kalifikasyon byen presi ki resevwa avantaj Medicare ak Medicaid ki entegre totalman nan yon sèl òganizasyon swen ki jere (Managed Care Organization, MCO) nan yon plan bezwen espesyal doub kalifikasyon ki entegre totalman oswa FIDE-SNP (Fully Integrated Dual Eligible Special Needs Plan). FIDE yo ak FIDE-SNP yo ede rann li pi fasil epi dezankonbre avantaj ak kondisyon ki genyen nan sitiyasyon doub kalifikasyon an ki souvan difisil pou navige ladan l. 

E

  • Eksplikasyon Avantaj (Explanation of Benefits, EOB)

    Deklarasyon pwoteksyon asirans ki endike sèvis yo bay, montan yo fè peye ak peman yo fè.

  • Esklizyon yo

    Kondisyon oswa sikonstans presi ke kontra asirans lan oswa plan an p ap garanti oswa ranbouse.

  • Etablisman

    Yon andwa fizik kote yo founi swen sante oswa sèvis, tankou yon lopital, klinik, sal dijans oswa sant swen anbilatwa.

  • Etablisman Swen Enfimye Kalifye (Skilled Nursing Facility, SNF)

    Yon etablisman ki aksepte pasyan ki bezwen swen reyabilitasyon ak swen medikal.

  • Etablisman Swen Pwolonje

    Yon mezon retrèt oswa sant swen enfimye ki otorize epi anjeneral ki bay swen enfimye 24 sou 24. Li ka ofri swen kalifye, swen entèmedyè oswa swen debaz, oswa nenpòt konbinezon nivo swen sa yo.

  • Etablisman Tretman

    Yon etablisman rezidansyèl oswa ki pa rezidansyèl ki bay tretman pou abi sibstans oswa maladi mantal.

F

  • Fòmilè

    Gade nan fòmilè medikaman.

  • Fòmilè Medikaman

    Yon lis medikaman preskripsyon yo prefere pou itilize nan plan sante a e ke famasi ki gen kontra ak yo bay moun ki asire yo.

  • Founisè

    Yon doktè, lopital, kabinè gwoup, mezon retrèt, famasi oswa nenpòt moun oswa gwoup moun ki bay yon sèvis swen sante.

  • Founisè Patisipan

    Yon founisè ki gen kontra avèk plan sante a pou founi sèvis medikal pou moun ki asire yo. Founisè a gendwa yon doktè, lopital, famasi, lòt etablisman oswa lòt founisè swen sante. Yo rele yo tou founisè rezo oswa founisè andedan rezo.

  • Founisè Rezo

    Yon founisè ki gen kontra avèk plan sante a pou founi sèvis medikal pou moun ki asire yo. Founisè a gendwa yon doktè, lopital, famasi, lòt etablisman oswa lòt founisè swen sante. Yo rele yo tou founisè rezo oswa founisè patisipan.

  • Founisè Sante Mantal

    Yon sikyat, yon sikològ konsiltan otorize, yon travayè sosyal, yon lopital oswa yon lòt etablisman otorize kòmsadwa epi ki kalifye pou ofri sèvis sante mantal dapre lwa jiridiksyon kote moun yo resevwa tretman an.

  • Franchiz

    Montan depans ki kalifye yon moun ki asire dwe peye chak ane nan pòch li anvan pou plan an peye.

  • Frè/Depans avèk Lajan Pòch (Out-Of-pocket costs/expenses, OOPS)

    Pòsyon peman pou sèvis sante ki garanti yo patisipan an dwe peye, ansanm ak kopeman, ko-asirans ak franchiz yo.

J

  • Jesyon Dosye

    Pwosesis ki gen ladan idantifye pasyan ki gen bezwen swen sante presi epi kolabore avèk pasyan yo ak doktè a(yo) pou bay pi bon tretman ki posib.

K

  • Ko-asirans

    Yon pousantaj nan pri yon sèvis ou dwe peye founisè a pou sèvis la.

  • Konpayi asirans

    Yon konpayi ki jere oswa ki vann pwogram avantaj sante.

  • Kontra Asirans Siplemantè Medicare

    Yon kontra asirans ke yon konpayi asirans ofri ki peye anjeneral pou yon moun ki asire nan Medicare ko-asirans, franchiz ak kopeman pou Medicare Pati A ak B, epi ki ka bay avantaj siplemantè anplis, dapre kontra asirans lan.

  • Kontribisyon Anplwayè

    Montan yon patwon kontribye nan depans pou prim yo nan plan sante a.

  • Kopeman (Kopeman yo)

    Yon montan lajan ou peye doktè a nan moman vizit ou an.

  • Kowòdinasyon Swen

    Kowòdinasyon swen se efò peyè yo, pèsonèl swen sante a ak òganizasyon kominotè yo (Community-Based Organizations, CBO yo) mete ansanm pou òganize epi kolabore nan yon fason efikas sou enfòmasyon, bezwen sante ak aktivite yon pasyan pou founi pi bon swen ki posib pou pasyan sa a.2

L

  • Lwa sou Transferabilite ak Responsablite Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA)

    Se yon lwa federal ki la pou amelyore disponibilite ak estabilite pwoteksyon asirans sante.

M

  • Manm

    Yon moun ki enskri nan yon plan sante pandan peryòd referans lan. Manm yo gen ladan tout moun ki enskri dirèkteman (enskri/abòne) ak depandan ki kalifye yo. Yo rele yo tou moun ki asire ak patisipan.

  • Medicaid

    Yon pwogram federal gouvènman Eta yo jere ak fè fonksyone ki bay avantaj medikal pou moun revni fèb ki kalifye ki bezwen swen sante. Gouvènman federal la ak gouvènman Eta yo pataje depans yo pou pwogram lan.

  • Medicare

    Yon pwogram asirans sante nan tout peyi a gouvènman federal la administre, ki kouvri depans pou entène lopital, swen medikal, ak kèk sèvis ki asosye ak sa pou moun ki kalifye, anjeneral moun ki gen laj 65 ane oswa plis ak moun andikape ki gen laj mwenske 65 ane.

  • Medikaman Jenerik

    Yon medikaman jenerik koute mwen chè pase yon medikaman mak komèsyal epi yo vann medikaman an ak yon non komen oswa "jenerik". Yo rele li ekivalan jenerik tou.

  • Medikaman Preskripsyon

    Yon medikaman Ajans pou Kontwòl Manje ak Medikaman (Food and Drug Administration, FDA) apwouve epi, dapre lwa federal oswa lwa Eta, se sèlman yon doktè ki gen lisans oswa lòt pratisyen ki gen otorizasyon ki kapab bay yo.

  • Medikaman san preskripsyon (Over-The-Counter, OTC)

    Yon pwodui medikaman ki pa bezwen yon preskripsyon dapre lwa federal oswa lwa Eta.

  • Medsen

    Nenpòt doktè nan medsin (MD) oswa doktè nan osteopati (D.O.) ki gen lisans epi ki kalifye dapre lalwa.

N

  • Nivo Avantaj

    Limit oswa kantite sèvis yon moun gen dwa pou jwenn dapre yon kontra avèk yon plan sante.

O

  • Òganizasyon Antretyen Sante (Health Maintenance Organization, HMO)

    Yon konpayi ki bay oswa ki fè aranjman pou sèvis sante pou manm plan li yo.

  • Ospis

    Yon etablisman oswa yon pwogram ki bay swen pou malad ki nan estad tèminal.

P

  • Pake Avantaj Sante

    Sèvis ak pwoteksyon asirans yon plan sante ofri yon gwoup oswa yon moun.

  • Pasyan ekstèn

    Yon moun ki resevwa sèvis swen sante nan yon lopital oswa sant chirijikal otonòm san li pa entène nan yon lopital.

  • Pasyan entène

    Yon moun ki admèt nan yon lopital tankou yon pasyan anrejistre sou kabann pandan 24 èdtan omwen epi k ap resevwa sèvis anba lòd yon doktè.

  • Patisipan

    Yon moun ki enskri pou pwoteksyon asirans dapre yon kontra plan sante.

  • Peryòd Sispansyon Pwoteksyon

    Non etap nan yon plan preskripsyon Pati D Medicare kote ou peye tout depans ou yo pou medikaman ki kalifye yo.

  • Peyè

    Yon òganizasyon ki peye pou garanti depans swen sante.

  • Plan Bezwen Espesyal Doub Kalifikasyon ki Entegre Totalman (Fully Integrated Dual Eligible Special Needs Plan, FIDE-SNP)

    Gade nan FIDE (anwo a). 

  • Plan Doub pou Bezwen Espesyal (Dual Special Needs Plan, DSNP)

    Yon plan Medicare Advantage byen presi ki fèt pou moun doub oswa doub kalifye. Akòz aspè souvan konplike bezwen pou swen sosyal, mantal, ak fizik pou moun doub kalifikasyon yo, DSNP yo ede santralize swen yo nan toude pwogram yo epi yo bay swen ki konsantre sou pasyan ki fèt nan yon fason ki pi fasil pou navige ladan. 

  • Plan pou Bezwen Espesyal (Special Needs Plan, SNP)

    Plan sante ki adapte espesyalman pou satisfè bezwen moun k ap viv avèk youn oswa plizyè maladi kwonik ki kalifye pou Medicare tou.

  • Plan Sante

    Òganizasyon antretyen sante, òganizasyon founisè prefere, plan asire, plan endepandan oto-finanse oswa lòt gwoup ki garanti sèvis swen sante.

  • Planifikasyon Egzeyat

    Evalyasyon bezwen medikal pasyan yo pou fè aranjman pou bon swen apre yo egzeyate nan yon anviwònman pasyan ki entène.

  • Prim

    Montan manm lan peye yon konpayi asirans pou bay pwoteksyon asirans dapre yon kontra.

  • Pwoblèm medikal ki la deja

    Nenpòt pwoblèm medikal yo te dyagnostike oswa trete nan yon peryòd byen presi. Yo pa garanti pwoblèm medikal ki la deja yo pandan kèk kantite tan byen presiz (anjeneral sis a 12 mwa).

  • Pwogram Asirans Sante Timoun (Children's Health Insurance Program, CHIP)

    Yon pwogram avantaj global nan tout peyi a pou prèske 6.7 milyon timoun ki pa gen asirans1. Kalifikasyon pou pwogram lan detèmine pi souvan sou baz finansye, epi li obligatwa sou plan federal pou founi swen jeneral, swen pou dan, sèvis sante konpòtmantal, ak vaksinasyon pou timoun yo depi nan nesans rive nan laj 19lane.
  • Pwogram Èd pou Anplwaye (Employee Assistance Program, EAP)

    Sèvis ki la pou ede anplwaye, manm fanmi yo, ak anplwayè pou jwenn solisyon pou pwoblèm nan travay ak pwoblèm pèsonèl.

  • Pwolongasyon Avantaj

    Yon dispozizyon ki pèmèt pwoteksyon asirans medikal kontinye depase dat finisman kontra asirans lan pou anplwaye ki p ap travay nan fason aktif ak pou depandan ki entène lopital nan dat sa.

  • Pwoteksyon Asirans Sante

    Peman avantaj pou maladi oswa chòk ki garanti. Li ka gen ladan swen dantè, medikal ak vizyon, ansanm ak lòt avantaj tou.

R

  • Referans

    Rekòmandasyon yon doktè ak/oswa plan sante pou yon moun ki asire pou li resevwa swen nan men yon lòt doktè oswa etablisman. Pafwa li obligatwa pou tretman nan men espesyalis ak tretman andeyò rezo.

  • Reklamasyon

    Enfòmasyon yon founisè swen oswa yon moun ki asire soumèt ki tabli sèvis sante presi yo bay yon pasyan epi ki mande peman.

  • Responsab Dosye

    Yon enfimye(è), doktè oswa travayè sosyal ki kolabore avèk pasyan yo, founisè swen sante yo, doktè yo ak konpayi asirans yo pou defini ak kowòdone yon plan swen sante. Yo rele li yon kowòdonatè swen tou.

  • Rezime Deskripsyon Plan

    Yon deskripsyon tout pake avantaj ki disponib pou yon anplwaye dapre bezwen.

  • Rezo

    Yon sistèm doktè, lopital ak founisè oksilyè ki sou kontra, ki bay manm yo swen sante.

S

  • Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Centers for Medicare and Medicaid Services, CMS)

    Ajans federal ki responsab administrasyon Medicare ak sipèvize administrasyon Medicaid Eta yo.

  • Sètifika Pwoteksyon (Certificate Of Coverage, COC)

    Yon deskripsyon avantaj ki gen nan yon plan sante.

  • Sèvis Nan Zòn

    Swen sante ou resevwa nan zòn sèvis ki otorize a nan men yon founisè ki gen kontra avèk plan sante a. Yo rele li sèvis andedan rezo tou.

  • Swen alontèm

    Èd ak swen pou moun ki gen andikap kwonik. Objektif swen alontèm yo se ede moun ki gen andikap viv ak tout kantite endepandans ki posib. Li konsantre plis sou swen pase sou gerizon.

  • Swen Altènatif

    Swen ki pa swen pasyan entène ke moun resevwa nan yon anviwònman ki mwens entansif ke yon lopital oswa lòt etablisman pou entène (tankou yon sant operasyon yon jou).

  • Swen Ijan

    Yon lòt posiblite pou itilize nan ka ki pa ijans alaplas swen nan depatman dijans nan lopital. Yo itilize yo lè pwoblèm sante yo ijan, men yo pa menase sante oswa lavi.

  • Swen Prevantif

    Swen sante ki chita sou priyorite pou prevansyon, deteksyon ak tretman pwoblèm yo bonè, ki gen ladan anjeneral egzamen fizik woutin, vaksinasyon ak swen pou moun ansante.

  • Swen Primè

    Swen sante debaz oswa jeneral, e tradisyonèlman se pratisyen medsen fanmi, pedyatri ak medsin entèn ki founi yo.

  • Swen Sante Konpòtmantal

    Evalyasyon ak tretman maladi mantal oswa pwoblèm abi sibstans.

  • Swen Segondè

    Sèvis espesyalis medikal founi, tankou kadyològ, iwològ ak dèmatològ, epi anjeneral yo pa gen premye kontak ak pasyan yo.

T

  • To

    Montan lajan pou chak kategori enskripsyon ou peye yon konpayi asirans pou pwoteksyon asirans medikal. Yo fè peye to yo chak mwa anjeneral epi yo kapab chanje.

Z

  • Zòn Sèvis

    Zòn jewografik la kote plan sante a bay sèvis.

Retounen anlè paj la

Ou Gen Kesyon Toujou?

Nou la pou ede ou.

Kontakte nou nan:
1-844-812-5967
TTY: 711

8 a.m. a 8 p.m. lè lokal, 7 jou pa semèn.

Jwenn Gid Gratis pou Plan Doub Ou an

Demann ou an te soumèt avèk siksè.

Mèsi, Gid ou an nan wout.

Powered by Translations.com GlobalLink OneLink Software