Kisa 4 pati Medicare yo ye?
Pibliye: 20 Out 2020
Dat Dènye Mizajou: 17 Novanm 2020
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Pibliye: 20 Out 2020
Dat Dènye Mizajou: 17 Novanm 2020
Medicare se yon pwogram asirans sante federal. Li kouvri moun laj 65 lane oswa plis, ak kèk moun ki pi piti ki gen andikap oswa lòt sitiyasyon espesyal. Petèt ou te tande pale osijè 4 pati Medicare yo, yo rele Medicare Part A, B, C ak D. Men, èske ou konnen ki diferans, oswa kisa chak pati yo kouvri? Atik sa a eksplike sèvis ki kouvri nan chak pati nan Medicare. Sa gendwa itil si ou gen ni Medicare ni Medicaid epi w ap poze tèt kesyon kisa Medicare kouvri parapò ak plan Medicaid Eta ou an.
Kisa Medicare Part A ye epi kisa li kouvri?
Medicare Part A kouvri sèvis ou ka jwenn antanke pasyan ki entène pandan yon sejou nan lopital oswa nan yon etablisman swen enfimye kalifye. Se etablisman swen an li menm ki ofri sèvis sa yo, ki gen ladan yo:
Swen ospis ak kèk sèvis swen sante nan kay kouvri nan Medicare Part A tou.
Pou wè kisa ki kouvri nan Medicare Part A, gade videyo ki anba a.
Yon imaj batiman ble parèt sou yon aryèplan jòn anba tèks ble a.
TÈKS SOU EKRAN AN: Kisa Ki Kouvri nan Medicare Part A?
Batiman an deplase tou dousman nan direksyon espektatè a alòske yon kamyon ble ki gen yon kwa blan sou li vin kanpe devan l. Kamera a fè yon agrandisman sou yon fenèt.
Mèb ble ak jòn, ki gen ladan yon kabann, chèz, televizyon sou yon sipò, ak tapi parèt sou yon aryèplan jòn pal anba tèks ble a.
TÈKS SOU EKRAN AN: Part A a Kouvri Sejou nan Lopital ak Swen Pasyan ki Entène, Ansanm ak...
Mèb yo deplase tou dousman nan direksyon espektatè a anvan nou fè agrandisman nan televizyon an.
Tèks ble parèt sou yon aryèplan blan ki antoure ak yon rebò ble pal. Tèks la glise monte tou dousman.
TÈKS SOU EKRAN AN: Yon Chanm Semi-Prive
TÈKS SOU EKRAN AN: Manje Lopital
TÈKS SOU EKRAN AN: Sèvis Swen Enfimye Kalifye
TÈKS SOU EKRAN AN: Swen Nan Inite Espesyal
TÈKS SOU EKRAN AN: Medikaman, Founiti Medikal ak Ekipman Medikal ki Itilize Pandan Sejou ou kòm Pasyan ki Entène
TÈKS SOU EKRAN AN: Tès Laboratwa, Radyografi ak Ekipman Medikal kòm Pasyan ki Entène
TÈKS SOU EKRAN AN: Sal Operasyon ak Sèvis Retablisman
TÈKS SOU EKRAN AN: Kèk Transfizyon San Nan Yon Lopital Oswa Etablisman Swen Enfimye Kalifye
TÈKS SOU EKRAN AN: Sèvis Reyadaptasyon (Pa egzanp: Terapi Fizik) ki Resevwa Atravè Swen Sante Adomisil
TÈKS SOU EKRAN AN: Swen Sante Kalifye Lakay Ou Si Ou Kloure nan Kay epi Ou Bezwen Swen Atan Pasyèl Sèlman
TÈKS SOU EKRAN AN: Swen Ospis
Ankadre blan an glise desann epi devwale tèks ble a.
TÈKS SOU EKRAN AN: Medicare Made Clear UnitedHealthcare founi
Kisa Medicare Part B ye epi kisa li kouvri?
Medicare Part B kouvri sèvis doktè ak swen prevantif. Li gen ladann:
Pou wè kisa ki kouvri nan Medicare Part A, gade videyo ki anba a.
Yon batiman ble e jòn parèt sou yon aryèplan ble pal anba tèks ble a.
TÈKS SOU EKRAN AN: Kisa Ki Kouvri nan Medicare Part B?
Yon machin jòn vin kanpe devan batiman alòske batiman an deplase pi pre espektatè a.
Kamera a fè agrandisman sou youn nan fenèt batiman an.
De pèsonaj anime ble e jòn parèt sou yon Aryèplan blan devan yon ekran Radyografi. Tèks ble a parèt anwo yo.
TÈKS SOU EKRAN AN: PART B
TÈKS SOU EKRAN AN: Part B Kouvri Vizit Kay Doktè ak Swen Pasyan Ekstèn, Ansanm ak...
Kamera a agrandi ekran Radyografi a. Yon aryèplan blan antoure ak yon rebò jòn.
Tèks ble a glise monte tou dousman sou aryèplan blan an.
TÈKS SOU EKRAN AN: Vizit Kay Doktè
TÈKS SOU EKRAN AN: Sant Operasyon Anbilatwa
TÈKS SOU EKRAN AN: Sèvis Medikal Pasyan Ekstèn
TÈKS SOU EKRAN AN: Kèk Swen Prevantif (Pa egzanp: Vaksen kont Grip)
TÈKS SOU EKRAN AN: Sèvis Laboratwa Klinik (pa egzanp: Tès San Oswa Pipi)
TÈKS SOU EKRAN AN: Radyografi, IRM, Eskanè CT, EKG ak Kèk Lòt Tès Dyagnostik
TÈKS SOU EKRAN AN: Ekipman Medikal Dirab Pou Itilize Lakay Ou (Pa egzanp: Chèz woulant/Wòkè)
TÈKS SOU EKRAN AN: Sèvis Sal Dijans, Swen Enfimye Kalifye Atan Pasyèl/Tanzantan, ak Sèvis Èd Sante pou Moun ki Kloure nan Kay
TÈKS SOU EKRAN AN: Swen Sante Mantal Kòm Pasyan Ekstèn
Aryèplan an glise desann, soti sou ekran an, kote li devwale tèks ble a sou yon aryèplan jòn.
TÈKS SOU EKRAN AN: Medicare Made Clear® UnitedHealthcare Founi
Kisa Medicare Part C ye epi kisa li kouvri?
Medicare Part C kouvri alafwa Medicare Part A ak B ansanm (se sa yo rele tou "Original Medicare"). Souvan yo konbine Medicare Part A ak Medicare Part B nan yon sèl plan, ki rele yon plan Medicare Advantage.
Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (yo rele yo tou D-SNPs oswa plan sante doub) se yon kalite plan Medicare Advantage. Plan sa yo se pou moun ki gen alafwa Medicaid ak Medicare. Plan sante doub yo ofri èd anplis pou moun k ap viv avèk bezwen swen sante konplike ak revni ki limite. Anpil plan sante doub gen kowòdinasyon swen nan yo. Sa rann li pi fasil pou jere plizyè doktè ak espesyalis. Plan sante doub anjeneral ofri avantaj anplis tankou vizyon, dantè ak kouvèti pou kapasite pou tande. Sa ka ede kouvri swen anpil moun manke oswa yo ka pa gen mwayen pou peye.
Aprann plis sou avantaj anplis ou ta ka jwenn avèk yon plan sante doub.
Kisa MedicarePart D ye epi kisa li kouvri?
Medicare Part D kouvri sèten medikaman sou preskripsyon, eksepte sa yo ki deja kouvri nan Medicare Part A ak B . Li posib pou jwenn kouvèti otonòm pou medikaman sou preskripsyon nan yon plan Part D. Men, pou rann bagay yo fasil, pifò plan sante doub Medicare Advantage gen kouvèti medikaman preskripsyon nan yo. Si ou pran nenpòt medikaman sou preskripsyon, ou dwe asire w medikaman ou yo kouvri nan yon plan sante doub anvan ou enskri.
Aprann plis sou kouvèti asirans medikaman preskripsyon nan plan sante doub.
Tanpri konnen: Kalite plan doub kalifikasyon ou ka jwenn yo depann de kote w ap viv la. Pou jwenn yon plan UnitedHealthcare Dual Complete® pou ou, tanpri chèche plan yo nan Eta ou an.
Mèsi, Gid ou an nan wout.