Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Li fasil pou jwenn yon plan doub pou bezwen espesyal. Gen 3 etap prensipal. Premyèman, ou ta dwe konfime si ou kalifye pou yon plan doub kalifikasyon. Dezyèmman, jwenn yon plan ki koresponn pi byen ak bezwen swen sante ou yo. Epi, twazyèmman, ou ka pase pa yon ajan oswa sou entènèt pou ou enskri pou yon plan doub kalifikasyon.
Etap 1: Konfime si ou kalifye pou kalite plan sante doub kalifikasyon sa a
Si ou gen yon plan sante Medicare ak yon plan sante Medicaid, gen pi gwo chans ke w ap gen doub kalifikasyon epi ou ka jwenn yon plan doub pou bezwen espesyal. Jwenn plis detay sou kimoun ki gen doub kalifikasyon.
Etap 2: Gade ki plan doub kalifikasyon nou ofri nan zòn ou an
Pou jwenn detay yo sou plan doub kalifikasyon yo pou kote ou w ap viv la ak avantaj ou ka jwenn yo, tanpri chèche plan yo nan Eta ou an.
Etap 3: Enskri pou yon plan sante doub kalifikasyon
Yon fwa ou fin deside ki plan doub pou bezwen espesyal ki koresponn pi byen ak bezwen ou yo, li lè pou ou enskri. UnitedHealthcare gen reprezantan komèsyal pou ede ou nan telefòn. Oswa ou ka òganize yon vizit lakay ou. Ou kapab enskri sou entènèt tou. Gade anba a pou jwenn detay sou fason pou ou enskri sou entènèt.
Pou enskri nan yon plan doub kalifikasyon sou entènèt, kandida yo ranpli ak soumèt yon aplikasyon enskripsyon sou entènèt. Yo pral poze moun k ap aplike a yon seri kesyon, epi sistèm lan ap anrejistre repons li bay yo.
W ap gen pou bay enfòmasyon sa yo:
Pale ak youn nan ajan otorize nou yo. Y ap kontan reponn kesyon ou yo ak enskri ou nan plan doub kalifikasyon ki bon pou ou an.
Rele 1-844-812-5967
TTY: 711
8 a.m. - 8 p.m. lè lokal, 7 jou pa semèn. Se habla español.
Lè ou rele, tanpri, gen enfòmasyon sa yo bò kote ou.
Tanpri, konnen avantaj presi ki gen nan plan sante doub yo kapab chanje selon kote w ap viv la. Fè rechèch dapre kòd postal ou pou jwenn bon plan an pou reponn a bezwen swen sante ou yo.
Mèsi, Gid ou an nan wout.