Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal (yo rele l tou yon plan D-SNP oswa plan sante doub kalifikasyon) fonksyone avèk plan sante Medicaid ou an. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo. W ap jwenn plis avantaj tou pase avèk Original Medicare. Original Medicare garanti sejou nan lopital ak konsiltasyon doktè.
Kisa pwoteksyon asirans doub lan ye? Yon plan doub kalifikasyon dwe ba ou menm pwoteksyon asirans ak Original Medicare. Men, plan pwoteksyon asirans doub Medicare ak Medicaid yo ka gen ladan yo tou avantaj ak karakteristik anplis. Bagay tankou pwoteksyon asirans pou dan, vizyon ak kapasite pou tande, ak plis ankò. Li ka ba ou tou plis chwa ak plis fleksibilite.
Plan UnitedHealthcare Dual Complete® yo gen ladan anpil avantaj ak karakteristik anplis. Tout sa avèk yon prim plan $0 pou manm nou yo.
Si ou ta kalifye kòm yon moun ki gen doub kalifikasyon konplè, ou ka jwenn anpil avantaj anplis tankou plis pwoteksyon aisrans pou dan, kredi pou achte gratis atik ki anrapò ak sante, yon aparèy pou siveyans ijans pèsonèl, swen pou pye ak abònman kòm manm nan klèb egzèsis. Sa yo se jis kèk egzanp nan avantaj anplis ki ka genyen nan pwoteksyon asirans sante doub lan.
Ou ta kapab pwofite avantaj ak karakteristik siplemantè tankou sa yo:
Tanpri konnen: Kalite plan doub kalifikasyon ou ka jwenn yo depann de kote w ap viv la. Pou jwenn yon plan UnitedHealthcare Dual Complete® pou ou, tanpri chèche plan yo nan Eta ou an.
Mèsi, Gid ou an nan wout.