Plan Florida Medicaid sa a ofri anpil kalite avantaj. Timoun, fanmi, fanm ansent ak adilt selibatè ka kalifye baze sou revni. Gade avantaj ki anba yo pou w wè tout sa li ofri.
Nou vle ou jwenn plis avantaj nan plan sante ou an. Si ou pa te fè yon evalyasyon risk sante, tanpri rele 1-888-716-8787 pou ou pale avèk yon reprezantan ant 8-5 pm Lendi jiska Vandredi.
Alachua, Baker, Bradford, Citrus, Clay, Columbia, Dixie, Duval, Flagler, Gilchrist, Hamilton, Hardee, Hernando, Highlands, Hillsborough, Lafayette, Lake, Levy, Manatee, Marion, Miami-Dade, Monroe, Nassau, Polk, Putnam, Saint Johns, Sumter, Suwannee, Inyon, ak Volusia.
Èske oumenm oswa timoun ou gen pwoblèm pou jere sentòm COPD oswa opresyon? Yon enfimye(è) ki espesyalize nan pwoblèm respirasyon ka ede w reyèlman. W ap jwenn yon plan tretman adapte ak medikaman pou:
Èske oumenm oswa timoun ou gen yon pwoblèm sante ki grav? Alòs manadjè ka nou yo nan kan w lan. Yo pral:
Manadjè dosye w lan ap rete avèk oumenm oswa timoun ou an pandan tout peryòd medikal la. Li pral:
Ou gen yon doktè swen jeneral (PCP) ki doktè prensipal ou. Itilize zouti pou chèche Doktè a, pou wè si doktè ou nan rezo nou a.
Si ou pa gen yon doktè oswa si doktè w pa nan rezo nou an, nou ka ede w chèche yon nouvo doktè ki toupre w.
PCP w la se doktè prensipal ou pou:
Kote ou fè tibebe w lan se yon chwa ki enpòtan. Se poutèt sa ou ka chwazi nan pami prèske 80 lopital toupatou nan Florid.
Nou ankouraje tou pou w vizite sant nesans lopital la. Nan fason sa a, ou pral abitye avèk li. Ak pou w pi rilaks lè w ap akouche tibebe w la.
Si w gen dyabèt, n ap rann lavi a yon jan pi fasil pou ou. W ap jwenn medikaman, founiti ak edikasyon pou ede w rive ak rete nan pi bon eta w.
Pwogram dyabèt nou an gen ladan tou fòmasyon pou pran swen pwòp tèt ou ak klas ki konsantre sou:
Sante ak sekirite lakay ou enpòtan.
Plan nou an garanti ekipman medikal doktè w oswa manadjè dosye w mande. Sa ka gen ladan founiti tankou:
Pwoblèm pou tande ka afekte lavi toulejou ou nan anpil sans. Plan nou an gen ladan sèvis ak sipò pou ede pwoteje kapasite pou w tande (odisyon).
Nou kouvri:
Èske w fimen? Si w fimen, èske w vle eseye epi kite fimen? Nou gen yon pwogram gratis ki disponib pou sispann fimen.
Èske ou vle travay pou w pèdi pwa oswa pou w adopte abitid manje ki pi bon pou sante? Kalite chanjman sa yo nan mòdvi ka ede w pou anpil maladi kwonik. Nou gen yon pwogram pou ba w èd pou sa.
Si ou te remake chanjman nan eta lespri w, abitid ou, oswa fason ou santi w, ou ka bezwen pale ak yon moun sou santiman sa yo.
Sèvis sante konpòtmantal yo disponib kòm yon pati nan avantaj ou yo. Nou ofri tou yon pwogram rekonpans si ou ta vle jwenn èd pou yon pwoblèm abi dwòg.
Tout pwogram sa yo disponib gratis pou ou. Si ou ta vle antre nan nenpòt nan pwogram sa yo, tanpri rele nou nan 1-888-716-8787. Nou la lendi jiska vandredi soti 8:00 a.m. pou rive 7:00 p.m. Si ou tande di, tanpri rele 711.
Ou ka resevwa èd ak konsèy nan men manman w, matant, sè ak zanmi fi ou. Men, chak gwosès diferan. Pwogram sa a ap ba w sipò ou pandan tout gwosès ou an.
Nou ede ou:
Okipe de bagay debaz yo, tankou kwit manje, ka difisil apre yon move eta sante oswa maladi. Se pou sa n ap pote manje nourisan pou ou pou ede w travèse nan moman difisil yo. Ou ka jwenn jiska 10 repa yo livre chak ane apre lopital egzeyate w.
Plan sa a peye pou tout depans ki gen rapò avèk yon sejou lopital, konsa ou ka repoze epi geri.
Plan nou an kouvri:
Apre ou fin kite lopital la, ou pa poukont ou. Nou asire ou jwenn swen swivi pou w kontinye geri lakay ou.
Doktè ou ansanm avèk oumenm, youn dwe konprann lòt. Lè w pa pale Anglè byen sa fè l pi difisil. Nou ka fè aranjman pou yon entèprèt medikal la nan randevou ou yo.
Nou gen moun tou nan depatman sèvis pou manm yo ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.
Lè w konnen kisa pwoblèm lan ye e lè w detekte l bonè, sa ka fè tout yon diferans. Plan nou an kouvri:
N ap ede w jwenn enfòmasyon ki nesesè pou amelyore sante w oswa pou w nan pi bon fòm ou.
Ou ka resevwa enfòmasyon nan lang ou pi pito a. Mande tousenpleman. Nou gen moun tou nan depatman sèvis kliyan nou an ki pale pliske yon lang. Gen anpil chans ke nou gen youn moun ki pale menm lang avèk ou.
Plan nou an gen medikaman preskripsyon ladan ak renouvèlman medikaman.
Epi nou vle fè li fasil pou w jwenn medikaman w. Ou ka egzekite preskripsyon ou nan:
Gen dèfwa ou ka bezwen èd pou konprann opsyon swen sante w yo. Lè w avèk nou, ou gen yon moun ou ka rele. N ap reponn kesyon w yo konplètman e avèk yon langaj ki senp.
Nou ka ede w tou pou jwenn:
Sante mantal toutosi enpòtan ke sante fizik. Se poutèt sa nou gen asirans ki kouvri toulède.
Swen obligatwa garanti 100%. san okenn kopeman. Sa gen ladann:
Pafwa, kesyon ak sitiyasyon medikal prezante a dè moman ki pa apwopriye. Lè w gen kesyon konsènan sante w oswa ak sante timoun ou, ou ka rele yon enfimye(è) 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.
Enfimyè nou yo ki nan NurseLine pral:
Pafwa ou ka bezwen kontinye pran swen apre ou kite lopital, oswa swen ijan.
Si sante w an danje apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk, yon enfimye(è) ap vizite ou lakay ou pou:
Depans swen sante w ka gen ladan medikaman ak founiti ki pa bezwen preskripsyon tankou aspirin, medikaman pou tous oswa bandaj. Plan nou an ap garanti jiska $25 chak mwa pou medikaman oswa founiti medikal yo vann san preskripsyon ou achte ki nesesè pou rezon medikal.
Yon gwosès se yon eksperyans ou ta dwe fè avèk èd zanmi, fanmi epi yon doktè pou gwosès, oswa Obstetrisyen-Jinekològ.
Nou garanti tout vizit nan klinik prenatal ak tès ou ki rekòmande yo.
Nan vizit sa yo, klinik la ap:
Apre yon maladi grav, operasyon oswa chòk ou ka bezwen swen enfimye ak terapi anplis.
Si sa nesesè, plan nou an garanti sejou kout nan yon sant reyabilitasyon kote ou kapab geri. Sa ki genyen se:
Ou konnen move efè fimen gen sou sante w.
Ou konnen fòk ou kite fimen. Nou ba w sipò pandan w ap kite avèk èd akonpayatè ak founiti. Sèl bagay ou p ap jwenn nan men nou, sèke nou pa pral fè moral ou.
Piki woutin pou ede pwoteje ou kont maladi.
Kidonk, plan nou an kouvri:
Text4baby ka ede nouvo manman ak fiti manman yo kenbe tèt pa yo ak tibebe yo ansante.
W ap resevwa twa mesaj tèks chak semèn pandan tout gwosès ou ak pandan premye ane tibebe w la. Chak tèks gen ladan konsèy sou sante ak sekirite pou sijè tankou:
Pou oumenm ak tibebe ou an ka pran yon bon depa.
Terapi ka ede ou refè apre yon chòk oswa maladi grav, oswa tou senpleman reyalize tout sa ou kapa fè. Manm yo resevwa sa yo bezwen kòm:
Plan nou an prevwa trajè aleretou san limit pou fè alevini nan anplasman swen sante yo. Sa gen ladan trajè pou:
Se Vision Service Plan ki ofri avantaj sa a.
Vizit konsiltasyon pou moun ansante kay doktè ka ede w rete ansante. Vizit konsiltasyon sa yo ka ede detekte pwoblèm sante bonè, pou yo sa trete yo.
Sèvis prevantif gen ladan yo:
UnitedHealthcare Community Plan Medicaid (MMA)
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.