Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
UnitedHealthcare Community Plan (Medicaid (MMA) ak LTC), Kesyon Moun Poze Souvan
Ki adrès postal ou?
UnitedHealthcare of Florida, Inc.
3100 SW 145th Avenue
Miramar, FL 33027
Kisa Medicaid ye?
Medicaid se yon pwogram pou moun ki gen revni ki ba e ki satisfè sèten kondisyon elijibilite e pwogram yo ka varye de yon eta a yon lòt. Medicare se yon pwogram federal asirans sante pou moun ki gen laj 65 lane oswa ki pi gran, moun andikape oswa moun ki gen maladi ren ki nan etap final. Kalifikasyon pou Medicare pa baze sou revni, epi pwoteksyon debaz la se menm nan chak eta.
Ki dokiman m ap bezwen lè m ap aplike pou Medicaid?
Lè w aplike pou Medicaid, ou fèt pou ranpli yon fòmilè aplikasyon. W ap bezwen plizyè lòt dokiman tou:
- Enfòmasyon sou tout moun ki nan kay la (non, dat nesans, ak nimewo Sekirite Sosyal)
- Enfòmasyon sou lwaye oswa ipotèk
- Depans (sèvis piblik, gadri, elatriye)
- Enfòmasyon sou machin
- Etadkont labank
- Revni (souch chèk pewòl)
- Prèv sou andikap oswa dosye medikal ki montre yon pwoblèm medikal ki la lontan
- Bòdwo medikal ki resan
- Prèv sou sitwayènte
- Enfòmasyon adisyonèl yo mande
Konnen Plis
UnitedHealthcare Community Plan (Medicaid (MMA) ak LTC)
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.