Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
UnitedHealthcare kontinye kolabore ak depatman sante piblik Eta ak lokal yo, swiv tout konsèy ak pwotokòl ki apwopriye pou manm nou yo ke Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (Centers for Disease Control and Prevention, CDC), ak depatman sante piblik Eta ak lokal yo founi ki apwopriye pou manm nou yo. Tanpri konsilte Enfòmasyon sou Kowonaviris (COVID-19) UnitedHealthcare founi. Pou aprann plis, ale nan CDC.gov.
Ou kapab jwenn enfòmasyon tou sou sit entènèt Eta a https://floridahealthcovid19.gov/
H1889-002-002
* Tarif ou ka ba tankou $0, toudepan nivo kalifikasyon w pou Medicaid.
Plan Òganizasyon Founisè Prefere (Preferred Provider Organization, PPO) sa a ba ou plis avantaj pase Original Medicare, epi tout sa pou yon prim plan $0. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo, e menm ajoute plis.
Broward, Charlotte, Collier, DeSoto, Glades, Hardee, Hendry, Lee, Manatee, Miami-Dade, Palm Beach, ak Sarasota.
$0 kopeman pou jiska 12 vizit akiponkti woutin chak ane pou soulajman kèplen oswa doulè nan nè, misk, oswa jwenti
$0 kopeman pou jiska 12 vizit kiwopratik woutin chak ane pou soulajman kèplen oswa doulè nan nè, misk, oswa jwenti
Jiska $300 chak ane nan yon kat debi pou achte fwi, legim, pwodui abaz lèt, vyann, pen ak plis toujou kay anpil detayan
Jiska 12 vizit swen pye chak ane avèk $0 kopeman pou ede kenbe pye yo ansante avèk egzamen woutin ak swen prevantif
Egzamen odisyon woutin ak alokasyon $2500 pou aparèy pou tande mak komèsyal oswa mak esklizif Relate™ UnitedHealthcare Hearing
Bilan medikal chak ane lakay ou pou ede rete ajou sou sante ou ant vizit regilye yo kay doktè san okenn frè anplis
$0 kopeman pou jiska 28 repa pou 14 jou, yo livre yo 2 fwa chak ane apre yon sejou nan lopital pou kenbe nitrisyon
Pale avèk yon enfimye(è) otorize nenpòt lè sou kesyon oswa enkyetid ou anrapò ak sante lajounen tankou lannwit san okenn frè anplis
Jiska $960 chak ane nan yon kat debi pou achte pwodui san preskripsyon kay anpil detayan oswa pou livre lakay ou
Aparèy repons ijans pèsonèl ki ka jwenn èd pou ou byen vit, 24 èdtan pa jou san okenn frè anplis
Aksè nan gwo rezo founisè nou an san okenn referans obligatwa pou espesyalite
$0 kopeman vizit founisè vityèl pou pale sou pwoblèm medikal, jwenn yon dyagnostik ak tretman pou pwoblèm ki pa ijans
$0 kopeman vityèl vizit sante mantal pou jwenn yon evalyasyon prive ak tretman pou pwoblèm sante mantal jeneral
Egzamen woutin nan zye ak alokasyon $250 pou vè kontak oswa monti, avèk kouvèti konplè pou lantiy estanda (senp, bi-fokal, tri-fokal oswa pwogresif estanda)
Pwoteksyon asirans pou bezwen swen ijan ak ijans nan lemonn antye avèk $0 kopeman
UnitedHealthcare Dual Complete® Choice (PPO D-SNP)
Prim Mansyèl Plan pou Moun ki gen Èd Siplemantè (Extra Help) nan Medicare pou Ede Peye pou Pri Medikaman Preskripsyon yo
Si ou resevwa èd siplemantè nan Medicare pou ede peye frè yo pou plan medikaman preskripsyon Medicare ou, prim mansyèl plan ou an ap pi ba pase sa li ta ye si ou pa te resevwa èd siplemantè nan men Medicare. Montan èd siplemantè ou jwenn lan ap detèmine prim mansyèl total plan ou antanke manm nan plan nou an.
Tablo sa a endike ou konbyem prim mansyèl plan ou yo pral ye si ou resevwa èd siplemantè.
Nivo èd siplemantè ou | Prim Mansyèl* |
---|---|
100% | $0.00 |
75% | $7.70 |
50% | $15.40 |
25% | $23.10 |
*Sa pa gen ladan nenpòt prim Pati B Medicare ou ka gen pou peye.
Si ou pa resevwa èd siplemantè, pou wè si ou kalifye, ou ka rele nan:
Bezwen swen sante ou yo inik. Dokiman sa yo ka ede ou asire ou jwenn bon pwoteksyon asirans lan.
Dokiman yo gen ladan Avi Anyèl Chanjman, Prèv Pwoteksyon Asirans, Fòmilè yo, Nòm Klasman Plan Medicare, Anyè Founisè yo, Rezime Avantaj yo, Lòt resous ou ka telechaje yo.
UnitedHealthcare Dual Complete® Choice - FL (PPO D-SNP)
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.