Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Konte Brevard, Indian River, Orange, Osceola, Polk ak Seminole
Konte Charlotte, Lee, Manatee, Sarasota
Konte Clay, Duval, Flagler, St. Johns
Konte Hernando, Hillsborough, Pasco, Pinellas
Jwenn Yon Medikaman
Opsyon rechèch sa a disponib sèlman pou itilizatè òdinatè biwo. N ap fè w konnen ou ka telechaje yon lis medikaman ki garanti anba a.
Chèche medikaman ki garanti yo nan UnitedHealthcare Dual Complete® (HMO D-SNP)
(pdf 3.37MB)
(Dènye mizajou:
02/26/2021)
Soumèt yon Demann pou Otorizasyon Davans Famasi nan Prescriptions Solutions.
Si nou pran yon desizyon sou pwoteksyon epi ou pa satisfè ak desizyon an, ou ka "fè apèl" kont desizyon an. Yon apèl se yon fason ofisyèl pou mande nou egzaminen ak chanje yon desizyon sou pwoteksyon nou te pran.
Klike la a pou w voye yon imèl ki gen demann apèl ou an.
Telechaje Prèv Pwoteksyon Asirans pou plan sa a ak pou w egzamine seksyon doleyans ak apèl la.
Oswa ou ka telechaje Fòm Demann pou Detèminasyon Pwoteksyon Medikaman nou an, ranpli fòm lan epi poste li voye ban nou.
(pdf 387.05KB)
(Dènye mizajou:
11/12/2020)
Telechaje yon Fòm Demann Ranbousman Preskripsyon (Prescription Reimbursement Request, MAPD) nan OptumRx.
(pdf 188.69KB)
(Dènye mizajou:
11/12/2020)
Kisa pou w fè si medikaman preskripsyon ou gen kounye a yo pa sou fòmilè a oswa yo gen limit nan fòmilè a.
Nouvo manm yo
Antanke nouvo manm nan yon plan UnitedHealthcare Dual Complete® (HMO D-SNP), ki asire nan UnitedHealthcare, ou gendwa ap pran kounye a medikaman ki pa nan fòmilè (lis medikaman) UnitedHealthcare® a, oswa yo nan fòmilè a men gen limit nan kapasite pou w jwenn yo.
Nan sikonstans konsa, pale ak doktè w toudabò sou lòt chwa medikaman ki apwopriye ki disponib nan fòmilè a. Si w pa kapab jwenn lòt chwa ki apwopriye, oumenm oswa doktè w ka mande yon eksepsyon fòmilè. Si nou apwouve eksepsyon an, w ap kapab jwenn medikaman an pandan yon peryòd tan byen presiz. Pandan oumenm ak doktè w ap detèmine plan daksyon w, ou gendwa kalifye pou w resevwa yon premye pwovizyon tranzisyon pou 31 jou (sof si ou gen yon preskripsyon ki ekri pou mwens jou) nan medikaman an nenpòt lè pandan premye 90 jou yo ou manm plan an.
Pou chak nan medikaman ou yo ki pa sou fòmilè a, oswa si mwayen pou jwenn medikaman ou yo limite, UnitedHealthcare ap garanti yon pwovizyon pou 31 jou lè ou ale nan yon famasi rezo (sof si ou gen yon preskripsyon ki ekri pou mwens jou). Si preskripsyon w lan ekri pou mwens pase 31 jou, yo otorize plizyè renouvèlman jouk rive nan yon total 31 jou medikaman. Apre premye pwovizyon tranzisyon 31 jou w lan, yo pa ka kontinye garanti medikaman sa yo. Pale ak doktè w sou lòt chwa medikaman ki apwopriye. Si pa gen okenn sou fòmilè a, oumenm oswa doktè w ka mande yon eksepsyon fòmilè.
Si w ap viv nan yon etablisman swen alontèm, UnitedHealthcare ap garanti yon pwovizyon tranzisyon tanporè pou 31 jou (sof si ou gen yon preskripsyon ki ekri pou mwens jou). UnitedHealthcare ap garanti plis pase yon sèl renouvèlman pou medikaman sa yo pandan premye 90 jou yo pou manm plan yo, jouk rive nan yon pwovizyon pou 93 jou. Si ou bezwen yon medikaman ki pa sou fòmilè a oswa si mwayen ou limite pou jwenn medikaman ou yo, men ou depase premye 90 jou ou yo kòm manm nan plan an, pwogram tranzisyon an ap garanti yon pwovizyon medikaman pou ijans pou 31 jou nan medikaman an pandan w ap chèche yon eksepsyon fòmilè (sof si ou gen yon preskripsyon pou mwens jou).
Ou ka rankontre tranzisyon ki pa pravwa apre premye 90 jou enskripsyon w nan plan an, tankou egzeyat nan lopital oswa chanjman nan nivo swen (sa vle di, chanje yon etablisman swen alontèm oswa nan semèn anvan oswa apre yon egzeyat nan swen alontèm, finisman sejou nan etablisman swen enfimye kalifye rete ak retounen nan pwoteksyon asirans Pati D Medicare oswa yo wete w nan swen ospis). Si yo preskri w yon medikaman ki pa nan fòmilè a oswa si mwayen ou limite pou jwenn medikaman ou yo, ou oblije itilize pwosesis eksepsyon plan an. Ou ka mande yon pwovizyon dijans pou yon sèl-fwa pou jiska 31 jou pou akòde w tan pou w pale sou lòt chwa tretman avèk doktè w oswa pou w chèche jwenn yon eksepsyon fòmilè.
Manm k ap kontinye
Antanke manm k ap kontinye nan plan an, ou resevwa yon Avi Anyèl sou Chanjman (Annual Notice of Changes, ANOC). Ou ka remake yon medikaman fòmilè w ap pran kounye a swa pa sou fòmilè ane k ap vini an oswa kotizasyon nan frè li oubyen pwoteksyon asirans li limite nan ane k ap vini an.
Si ou gen nenpòt kesyon sou règleman tranzisyon sa a oswa ou bezwen èd pou w mande yon eksepsyon fòmilè, yon reprezantan UnitedHealthcare ka ede w.
Enfòmasyon ki anrapò
Ou ka jwenn Fòm pou Demann Detèminasyon Pwoteksyon an nan seksyon Fè apèl kont yon desizyon sou pwoteksyon ki nan paj sa a.
(pdf 39.16KB)
(Dènye mizajou:
11/12/2020)
Pwogram Jesyon Terapi Medikaman
Yon ekip famasyen ak doktè te prepare pwogram Jesyon Terapi Medikaman UnitedHealthcare lan pou ede manm ki kalifye yo itilize pwoteksyon yo pi byen ak konprann epi itilize medikaman yo pi byen. Li ede pwoteje manm yo tou kont risk ki posib nan efè segondè medikaman yo ak posiblite danje ki gen nan konbinezon medikaman.
Pwogram sa a pa yon avantaj plan epi li disponib pou ou san w pa peye frè anplis. W ap enskri otomatikman nan Pwogram Jesyon Terapi Medikaman an si ou:
Gen anba a yon lis pwoblèm sante ki ka fè ou kalifye pou pwogram Jesyon Terapi Medikaman an. Pou w kalifye pou pwogram sa a, ou dwe gen twa nan pwoblèm sa yo oswa plis.
Pwogram Jesyon Terapi Medikaman UnitedHealthcare a ofri nan telefòn yon Analiz Konplè Medikaman (Comprehensive Medication Review, CMR) pou tout manm ki kalifye. Yon famasyen ap egzamine antesedan medikaman manm lan, ansanm ak medikaman san preskripsyon yo, epi idantifye tout pwoblèm yo. Lè analiz medikaman an fini, yo voye bay manm lan nan lapòs yon Plan Aksyon Medikaman ki rezime nenpòt enkyetid klinik yo idantifye ak yon Lis Pèsonèl Medikaman ki gen antesedan medikaman yo. Anplis, yo kontakte doktè manm lan epi yo ba li enfòmasyon sa yo.
Pou ede w swiv medikaman ou yo, ou ka telechaje tou yon Lis Pèsonèl Medikaman vid pou w itilize pèsonèlman.
Manm yo ka resevwa enfòmasyon itil tou pa lapòs. Yo ka gen ladan enfòmasyon anplis sou medikaman yo ak sijesyon famasyen nou yo sou fason pou jwenn tout benefis ki posib nan medikaman ak avantaj ou yo. Enfòmasyon sa a ka itil lè w ap rankontre avèk doktè w oswa famasyen an.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Jesyon Terapi Medikaman UnitedHealthcare a, tanpri pale ak yon reprezantan UnitedHealthcare (nimewo telefòn lan make sou do kat ID manm plan ou an).
Tanpri konnen pwogram sa yo ka gen kritè kalifikasyon ki limite epi yo pa konsidere kòm yon avantaj.
Jwenn yon dantis nan zòn ou.
Ou ka ale nan OptumRx tou pou w fè kòmann ak jere medikaman preskripsyon w sou entènèt.
UnitedHealthcare Dual Complete® LP - FL (HMO D-SNP)
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.