Pwosesis Tranzisyon Medikaman Preskripsyon
Kisa pou fè si medikaman preskripsyon aktyèl ou yo pa sou Lis Medikaman an (fòmilè) oswa yo gen restriksyon sou yo nan yon fason kèlkonk
Nouvo manm yo
Antanke yon manm nouvo plan an, ou gendwa ap pran aktyèlman medikaman ki pa sou fòmilè plan an (lis medikaman), oswa yo sou lis lan men yon gen yon restriksyon sou yo nan yon fason kèlkonk.
Nan sikonstans konsa, pale ak doktè w toudabò sou lòt chwa medikaman ki apwopriye ki disponib nan fòmilè a. Si w pa kapab jwenn lòt chwa ki apwopriye, oumenm oswa doktè w ka mande yon eksepsyon fòmilè. Si yo apwouve eksepsyon an, ou gendwa kapab jwenn medikaman an pou yon peryòd tan ki presize. Pandan ou menm ak doktè ou ap detèmine plan aksyon ou, ou gendwa kalifye pou resevwa yon pwovizyon tranzisyon pou omwen yon pwovizyon pandan 1 mwa jan sa dekri nan Prèv sou Pwoteksyon Asirans pou pifò medikaman plan ou an nenpòt lè pandan 90 premye jou abònman ou kòm manm nan plan an. Si preskripsyon an ekri pou mwens jou, yo otorize plizyè renouvèlman pandan 90 premye jou yo jiskaske ou resevwa medikaman ou pou omwen yon pwovizyon 1 mwa jan sa dekri nan Prèv sou Pwoteksyon Asirans plan ou an. Apre apwovizyonnman tranzisyon ou an, medikaman sa yo gendwa pa benefisye garanti ankò.
Si ou ap viv nan yon etablisman pou swen sou peryòd ki long, men ou depase premye 90 jou afilyasyon yo nan plan nou an, pwogram tranzisyon an gendwa kouvri omwen yon apwovizyonnman ijans pou 31 jou pifò medikaman yo pandan ou ap pousuiv yon eksepsyon nan fòmilè an.
Ou gendwa konfwonte tranzisyon ki pa planifye apre premye 90 jou enskripsyon yo nan plan an, tankou egzeyeat oswa chanjman nan nivo swen yo (sa vle di chanje etablisman pou swen sou peryòd ki long oswa nan semèn anvan oswa apre yon ranvwa nan swen sou peryòd ki long, fen sejou nan yon etablisman pou swen enfimye ki kalifye epi retou nan kouvèti asirans Medicare Part D oswa lè yo retire ou nan swen ospis). Pou anpil medikaman ki pa sou Lis Medikaman nou an oswa kapasite ou pou jwenn medikaman ou yo limite nan yon fason kèlkonk, ou blije itilize pwosesis eksepsyon plan an. Ou ka mande yon pwovizyon tanporè yon sèl fwa pou omwen yon pwovizyon pandan 1 mwa, jan sa dekri nan Prèv sou Pwoteksyon Asirans plan ou an, pou akòde ou tan pou ou diskite sou lòt chwa tretman yo avèk doktè ou oswa pou ou chèche yon eksepsyon fòmilè.
Manm k ap kontinye
Antanke manm k ap kontinye nan plan an, ou resevwa yon Avi Anyèl sou Chanjman (Annual Notice of Changes, ANOC). Ou gendwa remake yon medikaman ou ap pran aktyèlman swa pa nan fòmilè k ap vin lòt ane an oswa li sou fòmilè an men li gen restriksyon sou li nan nan yon fason kèlkonk.
Apati 15 oktòb 2021, ou gendwa mande yon 2022 analiz kouvèti asirans lan. Si demann ou an apwouve, plan an ap kouvri medikaman an apati 1ye janvye 2022.
Si medikaman ou an kapab sibi nouvo restriksyon fòmilè yo nan dat 1ye janvye 2022 e ou pa t diskite sou chanje pou pase nan yon lòt medikaman fòmilè oswa ou pa t pousuiv yon eksepsyon fòmilè ak doktè ou an, ou gendwa resevwa yon apwovizyonnman tanporè nan premye 90 jou ane sivil lan lè ou ale nan yon famasi rezo an. Sa t ap omwen yon apwovizyonnman pou 1 mwa, jan Prèv sou Kouvèti Asirans plan ou an dekri sa, pou ba ou tan pou diskite sou lòt tretman ak doktè ou an oswa pou pousuiv yon eksepsyon fòmilè.
Si ou ap viv nan yon etablisman pou swen sante sou peryòd ki long, ou ka jwenn plizyè ranplisaj jouk ou atenn omwen yon apwovizyonnman pou 31 jou, ansanm ak lè yo bay medikaman yo pou mwens pase kantite ki ekri an akoz modifikasyon nan itilizasyon medikaman yo ki baze sou etiktaj ki apwouve pou pwodui an.
Gendwa gen tranzisyon ki pa planifye tankou egzeyat lopital oswa chanjman nan nivo swen yo (sa vle di etablisman pou swen sante sou peryòd ki long oswa nan semèn anvan oswa apre yon ranvwa nan yon swen sou peryòd ki long, fen yon sejou nan yon etablisman swen enfimye ki kalifye ak retou nan kouvèti Part D oubyen lè ou ap soti nan yon swen ospis) ki rive nenpòt kilè. Si yo preskri ou yon medikaman ki pa sou fòmilè nou an oswa kapasite ou pou jwenn medikaman ou yo gen restriksyon sou li nan yon fason kèlkonk, ou blije itilize pwosesis eksepsyon plan an. Pou pifò medikaman yo, ou gendwa mande yon apwovizyonnman tanporè pou omwen yon mwa, jan sa dekri nan Prèv sou Kouvèti Asirans plan ou an, pou ba ou tan pou diskite sou lòt tretman ak doktè ou an oswa pousuiv yon eksepsyon fòmilè.
Si ou se yon rezidan yon etablisman pou swen sou peryòd ki long epi ou bezwen yon apwovizyonnman ijan, nou ap kouvri omwen yon apwovizyonnman tanporè pou 31 jou.
Si ou gen nenpòt kesyon sou politik tranzisyon sa a oswa ou bezwen èd pou mande yon eksepsyon fòmilè, kontakte yon reprezantan sèvis pou manm yo.
Pou enfòmasyon sou pwosesis tranzisyon medikaman preskripsyon yo an panyòl, ale sou Fòmilè ak Resous yo epi gade seksyon 5.2 sou Prèv sou Kouvèti Asirans ou an (Panyòl) pou plis enfòmasyon.
Enfòmasyon ki anrapò
Fòmilè pou Demann Detèminasyon Kouvèti an twouve l anba seksyon Kontestasyon yon Desizyon Kouvèti nan paj sa a.