Ale nan kontni prensipal la
Kontni Prensipal

UnitedHealthcare Community Plan - Indiana Hoosier Care Connect

Medicaid

Hoosier Care Connect se yon pwogram ki sèvi manm ki aje, avèg oswa andikape, sa gen ladan l timoun nan fanmi akèy ak timoun ki sou lagad Eta a.

Avantaj & Karakteristik

Swen pou moun ki ansante ak Moun ki malad

Nou kapab ede ou jwenn sèvis gratis pou ede ou vin ansante epi rete ansante. Sa yo gen ladan yo sèvis tankou:

  • Ospitalizasyon Ou pa peye anyen pou swen yo bay nan yon lopital.
  • Sèvis Terapi. Vizit terapi pou ede ou refè oswa reyalize potansyèl ou.
  • Liy Dirèk Enfimyè. Pale avèk yon enfimyè otorize 24/7.
  • Vizit pou moun ansante. Tchekòp anyèl pou ede kenbe oumenm ak fanmi ou an bòn sante.
  • Depistaj Sante ak Vaksinasyon. Tès ak piki woutin pou ede pwoteje kont maladi.
  • Vizit Vityèl. Konekte ou avèk yon doktè andirèk pa mwayen yon smatfòn oswa yon konpitè pou vizit ki pa ijans. Gade UHC Doctor Chat anba a pou plis enfòmasyon.

Sante konpòtmantal konsène fason ou santi ou ak fason ou aji. Yo rele sante mantal tou. Sante mantal ou trè enpòtan. Tout manm Hoosier Care Connect yo ka jwenn sèvis sante mantal ak sèvis pou adiksyon. Ou ka wè nenpòt doktè ki nan rezo a san yon referans pou tretman pasyan ekstèn.

Ou kapab jwenn sèvis sante konpòtmantal san yon referans nan men PMP ou an. Pafwa li lojik pou ou pale avèk PMP ou sou nenpòt pwoblèm sante konpòtmantal ou kwè ou ka genyen. Konsa, PMP ou an ka ede refere ou bay yon founisè sante konpòtmantal ki travay avèk nou. Si ou vle jwenn yon founisè sante konpòtmantal oumenm, ou ka chèche youn nenpòt ki lè epi pran yon randevou. Ou kapab rele Sèvis pou Manm yo tou nan 1-800-832-4643, TTY 711, pou jwenn èd.

Nou kouvri:

Sèvis Sante Konpòtmantal 

  • Terapi apa, an gwoup ak an fanmi 
  • Sèvis sante konpòtmantal pasyan ekstèn 
  • Sèvis sante konpòtmantal pasyan entène 
  • Sèvis sante konpòtmantal espesyalize pou timoun ki gen otis

Sèvis pou Twoub Itilizasyon Sibstans 

  • Tretman pou opyoyid (medikaman pou doulè) pou pasyan ekstèn 
  • Tretman rezidansyèl
  • Jesyon ka sible

Ou kapab jwenn resous anplis pou sante nan myuhc.com/CommunityPlan. Jwenn ekilib, sipò ak swen ou bezwen pou viv pi ansante otan sa posib.

Si ou kwè ou bezwen aksè ak sèvis sante konpòtmantal, pale avèk PMP ou oswa rele Sèvis pou Manm yo pou w jwenn èd.

Chèche yon espesyalis sante konpòtmantal

E si mwen gen yon kriz sante konpòtmantal?
Ou toujou kouvri pou yon ijans sante konpòtmantal, sante mantal, itilizasyon dwòg oswa alkòl. Yon ijans vle di yon pwoblèm sante konpòtmantal ki vini toudenkou, ki mete lavi an danje, ki fè mal, oswa lòt sentòm grav ki pa ka tann pou yo trete.

Sèvis dijans yo kouvri nenpòt kote Ozetazini. Si ou panse ou gen yon ijans ki mete lavi ou an danje, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre adrès kote founisè ijans yo ka ede w.

Dèke sa posib, tanpri rele nou pou fè aranjman pou swivi swen sante konpòtmantal apre yon ijans.

Yon kriz sante konpòtmantal se yon moman lè konpòtman yon moun ka mete tèt li oswa lòt moun an danje, espesyalman si yo pa jwenn èd, tankou:

  • Menase oswa pale sou blese oswa touye tèt li
  • Santi li sanzespwa
  • Santi laraj oswa kòlè ki san kontwòl
  • Santi l kwense, tankou pa gen okenn fason pou l sòti
  • Angaje nan konpòtman ensousyan
  • Santi l enkyete, ajite, oswa li pa kapab dòmi
  • Ogmante bwè alkòl oswa pran dwòg
  • Retire kò l sou zanmi ak fanmi
  • Gen chanjman karaktè radikal
  • Pa wè okenn rezon pou l viv

Sèvis pou Kriz:
Si ou panse pou gen yon ijans, kèlkeswa kote ou ye a, rele 911 oswa ale nan lopital ki pi pre adrès kote founisè ijans yo ka ede w. Dèke sa posib, tanpri rele doktè w oswa founisè sante konpòtmantal ou pou fè aranjman pou swen swivi apre ijans lan fini.

Si ou bezwen pale avèk yon moun, nou disponib pou ou. Si ou pa gen enpresyon li lè pou ou rele 911 men ou bezwen èd touswit, ou ka rele Liy Dirèk nou an pou Kriz Sante Konpòtmantal 24/7 nan 1-855-780-5955. Ou kapab rele tou nan 988 pou w jwenn èd nenpòt ki lè.

Sou entènèt: http://www.suicidepreventionlifeline.org

Manadjè swen sante konpòtmantal ou an ka bay plis resous pou sante. Jwenn ekilib, sipò ak swen ou bezwen pou viv pi ansante otan sa posib. Rele Navigatè Sèvis pou Manm ou an epi mande pou ou konekte ak yon manadjè swen.

Pa gen anyen ki pi enpòtan pase sante ak byennèt oumenm ak tibebe w. Se poutèt sa plan avantaj nou yo gen ladan:

  • Vizit Prenatal. Swen pou oumenm anvan tibebe w fèt. 
  • Chwa Doktè. Jwenn yon doktè oswa obstetrisyen/jinekològ ou fè konfyans nan rezo nou an. 
  • Healthy First Steps®. Sipò anplis pou ede oumenm ak tibebe w rete ansante. Jwenn kado itil pou ou ak tibebe w la.
  • Sèvis Jesyon Swen. Pou gwosès ki gen gwo risk pandan gwosès ak pandan de mwa apre akouchman an.
  • Vizit apre akouchman. Swen pou oumenm apre tibebe w fèt. 

Sèvis kowòdinasyon swen nou yo ap ede oumenm ak doktè ou yo reponn a bezwen swen sante ou yo. Objektif nou se ede ou jwenn bon swen yo nan bon moman ak nan bon kote. Nou fè sa nan travay ansanm avèk oumenm ak doktè ou yo sou plan swen endividyèl ou. Nou kowòdone tout bezwen ou yo, sa gen ladan l bezwen fizik, sante konpòtmantal ak bezwen sosyal. Kowòdinasyon swen yo gen ladan:

  • Jesyon swen konplike
  • Jesyon swen
  • Jesyon maladi

Si ou gen opresyon, dyabèt oswa yon lòt pwoblèm sante, ou ka konte sou nou. Manadjè Swen yo vle aprann plis sou ou. Yo ka ede ou aprann konsènan swen pèsonèl ou ak kijan pou ou jwenn èd nan men lòt moun. Manadjè Swen yo ka rankontre avèk PMP ou ak lòt resous sante yo pou asire ke yo travay ansanm. Responsab Swen yo travay pou asire ou gen tout sèvis ou bezwen yo, sa gen ladan l sèvis ki pa medikal tankou manje ak lojman. Pwogram nou yo gen ladan yo tès, medikaman, tretman, edikasyon, sipò ak founiti:

  • ADHD
  • Opresyon
  • Otis ak maladi tankou li
  • Ensifizans Kadyak Konjestiv 
  • COPD
  • Maladi Atè Kowonè 
  • Depresyon
  • Dyabèt
  • Maladi kè
  • Epatit
  • VIH
  • Ipètansyon oswa tansyon wo
  • Maladi ren
  • Gwosès
  • Maladi anemi falsifòm
  • Twoub Itilizasyon Sibstans

Egzamen zye regilye yo enpòtan. Manm yo kalifye pou egzamen woutin nan zye ak linèt preskripsyon. Rele doktè ou pou pran yon randevou pou yon egzamen woutin nan zye. Ou ka pran randevou avèk nenpòt founisè swen vizyon patisipan. 

Sèvis vizyon annapre la yo kouvri pou manm ki poko gen 21 lane: 

  • Yon egzamen woutin nan zye chak ane — okenn referans pa nesesè 
  • Yon pè linèt preskripsyon chak douz mwa 

Sèvis vizyon annapre la yo kouvri pou manm ki gen laj 21 lane oswa plis: 

  • Yon egzamen woutin nan zye chak dezan — okenn referans pa nesesè 
  • Yon pè linèt preskripsyon chak 5 ane

Li enpòtan pou sante ou ke ou fè yon bilan dantè chak ane. Kouvèti asirans ou gen ladann: 

  • De egzamen ak netwayaj pa ane pou timoun ak granmoun
  • Radyografi entèpwoksimal yon fwa chak 12 mwa ak yon seri konplè radyografi chak twa ane 
  • Reparasyon minè tankou plonbaj 
  • Gwo reparasyon tankou kouwòn ak kanal rasin (youn nan chak pou chak 12 mwa) 
  • Netwayaj anpwofondè ak tretman chirijikal pou maladi nan jansiv 
  • Fo dan pasyèl oswa konplè, ak reparasyon nan fo dan pasyèl oswa konplè 
  • Sedasyon ak oksid nitre (ki rele gaz ilaran) si sa nesesè sou plan medikal

Pafwa moun gen difikilte pou yo ale kay dantis. Yo ka sansib lè yo touche yo. Yo ta ka bezwen tan anplis oswa swen dou. Kite nou ede w jwenn dantis ki bon pou ou menm oswa fanmi w.

Tout manm yo gen yon avantaj gratis ki rele UHC Doctor Chat. Se yon tchat videyo avèk yon doktè. Doctor Chat disponib 24/7. Pa gen okenn randevou ki nesesè. Sèvi ak li:

  • Si ou gen kesyon sou sante
  • Si ou pa kapab antre pou wè founisè medikal prensipal ou
  • Lè ou santi ou malad
  • Si ou nouvo nan vil la epi ou poko wè yon doktè lokal
  • Si w santi w ba oswa deprime

Pou telechaje aplikasyon an, chèche UHC Doctor Chat nan App Store oswa Google Play. Epitou ou ka ale sou www.uhcdoctorchat.com.
 

Antre nan Konsèy HERO

HERO a vle di Sante, Otonòm, Resous, ak Opòtinite. Vwa ou konte. Nap koute. Se poutèt sa nou envite manm yo asiste reyinyon Konsèy HERO yo. Konsèy HERO a se yon espas ki an sekirite kote manm yo di nou sa yo panse sou pwoteksyon sante yo. Yo pataje lide ki fè bagay yo pi bon pou tout moun. Nou pral reponn kesyon w yo, koute opinyon ou, epi pataje nouvo enfòmasyon.

Reyinyon Konsèy HERO yo fèt nan plizyè dat atravè eta a. Nou ta renmen pou ou vin patisipe avèk nou! Fè nou konnen si ou ka patisipe fizikma. Ou ka enskri tou atravè telefòn. Rele Sèvis pou Manm yo pou jwenn plis detay.

 

Li kapab difisil pou ou jere swen sante ou poukont ou, sitou si w ap fè fas ak anpil pwoblèm sante an menm tan. Si ou bezwen sipò anplis pou vin an bòn sante epi rete an sante, nou ka ede. Tout manm Hoosier Care Connect nou yo gen aksè ak pwòp Navigatè Sèvis pou Manm pa yo.

Navigatè ou an ka ede ou:

  • Konprann pwogram Hoosier Care Connect la
  • Jwenn enfòmasyon nan yon fòma diferan, tankou odyo (CD oswa kle USB), gwo lèt oswa Braille
  • Jwenn yon doktè, dantis oswa yon doktè zye
  • Eksplike avantaj ou yo ak kouvèti asirans ou
  • Pale avèk ou sou pwogram espesyal ki disponib pou ou
  • Konekte ou avèk yon Manadjè Swen si sa nesesè
  • Jwenn resous ki toupre ou pou ede ou pou lòt pwoblèm tankou manje, lojman, transpò, travay, santi ou an sekirite oswa jwenn yon edikasyon
  • Asire ke ou konnen lòt pwogram ak sèvis Eta ki disponib pou ou, tankou avantaj pwogram SNAP (Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè) oswa pwogram WIC (Fanm, Tibebe ak Timoun) lan
  • Ede ou fè mizajou nan enfòmasyon kontak pèsonèl ou tankou adrès, nimewo telefòn oswa imèl
  • Asire ou ke nou konnen kòman ou ta renmen yo kontakte ou (imèl, telefòn oswa lapòs)
  • Rezoud pwoblèm avèk founisè yo, tankou swen espesyalize ak sante konpòtmantal
  • Ede pou difikilte akòz apwobasyon alavans, peman pou sèvis, founiti swen ak byennèt fanmi

Rele Sèvis pou Manm yo, lendi jiska vandredi ant 8am ak 8pm Lè Zòn Lès, nan 1-800-832-4643, oswa TTY 711. Yo reponn nimewo telefòn lan 24/7 lè ou gen yon bezwen ijan apre lè biwo yo.  

Jwenn benefis ak sipò siplemantè. Ou ka konte sou:

  • Fòm fizik. Aksè gratis nan anpil djim ak sit Fòm fizik sou entènèt. Kit pou fòm fizik lakay disponib tou. 
  • Telefòn gratis. Jwenn yon smatfòn gratis avèk apèl, tèks, ak done san limit. Annik ale sou mybenefitphone.com
  • Rekonpans an Sante. Jwenn rekonpans pou ou fè sèvis prevantif enpòtan yo.
  • Entènèt pri ba. Kontakte Sèvis pou Manm yo pou wè si w kalifye.
  • Ekivalans Lekòl Segondè. Nou ka ede ou jwenn diplòm lekòl segondè ou. 
  • Edikasyon Lasante. Ankadreman gratis pou ede amelyore sante ou.
  • Èd nan domèn Lang. Konekte avèk yon tradiktè an pasan pa Sèvis Manm yo.
  • Pou sispann itilize tabak. Antrenè ak founiti pou ede ou sispann itilizasyon tabak.
  • Bwat Esansyèl. Reponn yon sondaj kout sou bezwen ki pa medikal ou yo. Jwenn yon bwat plen avèk manje ak founiti.
  • Repa Manman yo. Manadjè swen ou an ka kowòdone livrezon manje ki bon pou sante apre ou fin egzeyate nan yon lopital. 
  • Gerizon Altènatif. Si ou itilize vitamin espesyal, medikaman abaz plant, masaj oswa akiponkti, nou ranbouse jiska $200 nan frè sa yo chak ane.
  • Sipò pou sante mantal. Aplikasyon ak zouti pou ede w fè fas lè w santi w deprime.
  • Doctor Chat. Tchat videyo avèk yon doktè 24/7.

Kontakte Sèvis pou Manm yo pou jwenn plis enfòmasyon. Nou disponib lendi jiska vandredi, 8 AM jiska 8 PM Lè Zòn Lès, lè ou rele nan 1-800-832-4643, TTY 711.

Gerizon Altènatif

Pafwa gen bon fason pou ou santi ou pi byen ki gendwa pa kouvri nan avantaj ou yo. Nou pral ranbouse jiska $200 chak ane. Ou pral gen pou ou remèt kopi resi ou yo pou ou patisipe nan pwogram sa a. Sa gen ladan men se pa sa sèlman:

  • Vitamin ak mineral
  • Remèd abaz plant
  • Masaj terapetik
  • Akiponkti
  • Lwil esansyèl yo

Sipò pou Opresyon ak COPD

Nou ka ede ou kontwole opresyon ou oswa COPD ou.

Si ou bezwen èd pou jwenn sèvis oswa founiti ou bezwen yo, kontakte Sèvis pou Manm yo. Nou kapab ede ou.

  • Jwenn founiti oswa medikaman
  • Pran yon randevou avèk doktè w
  • Konekte ou avèk yon manadjè swen pou sipò pèsonèl

Chwazi Doktè

Ou pral gen yon founisè medikal prensipal (Primary Medical Provider, PMP) ki pral doktè prensipal ou. PMP ou an se moun ou wè pou pifò swen ou yo. Sa gen ladan l bilan medikal, tretman, vaksen, blesi minè ak pwoblèm sante. Pale avèk PMP ou sou nenpòt lòt enkyetid ou ka genyen. PMP ou an ka ede ou deside chwa ki bon pou ou yo.

PMP ou se doktè prensipal ou pou:

  • Swen prevantif tankou tchekòp, depistaj pou kansè ak vaksinasyon
  • Tretman si w malad oswa blese
  • Referans kay espesyalis pou sèten pwoblèm medikal

Itilize Zouti Rechèch Doktè a, pou wè si doktè ou nan rezo nou a. Si ou pa gen yon doktè oswa si doktè w pa nan rezo nou an, nou ka ede w chèche yon nouvo doktè ki toupre w. Ou ka chanje PMP ou nenpòt ki lè.

Sant Angajman Kliyan

W ap gen yon Navigatè Sèvis pou Manm yo pèsonèl ki afekte pou ede ou pandan tout pakou swen sante ou. Navigatè ou an ka ede ou:

  • Konprann pwogram Hoosier Care Connect la
  • Jwenn yon doktè, dantis oswa yon doktè zye
  • Eksplike avantaj ou yo ak kouvèti asirans ou
  • Pale avèk ou sou pwogram espesyal ki disponib pou ou
  • Konekte ou avèk yon Manadjè Swen si sa nesesè
  • Jwenn resous ki toupre ou pou ede ou pou lòt pwoblèm tankou manje, lojman, transpò, travay, santi ou an sekirite oswa jwenn yon edikasyon
  • Ede ou fè mizajou nan enfòmasyon kontak pèsonèl ou tankou adrès, nimewo telefòn oswa imèl
  • Asire ou nou konnen kòman ou ta renmen yo kontakte ou (imèl, telefòn oswa lapòs)
  • Rezoud pwoblèm avèk founisè yo, tankou swen espesyalize ak sante konpòtmantal
  • Ede pou difikilte akòz apwobasyon alavans, peman pou sèvis, founiti swen ak byennèt fanmi

Sipò pou moun ki gen dyabèt

Si w gen dyabèt, n ap ede rann lavi a yon jan pi fasil pou ou. W ap jwenn medikaman, founiti ak edikasyon pou ede w rive nan pi bon fòm ou epi rete konsa. Ou jwenn rekonpans ak kat kado tou poutèt ou pran dispozisyon senp pou jere dyabèt ou.

Vizit nan Sal Dijans yo

Si ou gen yon ijans, ale nan sèvis dijans ki pi pre a. Sa se yon sèvis ki kouvri. Ou pa bezwen okenn apwobasyon pou w ale nan sèvis dijans. Pandan w nan sèvis dijans lan, w ap jwenn tout sèvis ou bezwen yo. Doktè yo ak enfimye/enfimyè yo ap fè w konnen kilè ou stab sifizaman pou w pati.

Sèvis apre estabilizasyon yo kouvri tou. Sa se nenpòt swen ou jwenn apre ijans lan fini. Si w bezwen plis tès oswa sèvis, estaf sèvis dijans lan ap rele UnitedHealthcare pou mande apwobasyon. Sa rive sèlman on fwa eta ou stab.

Ekipman ak Founiti Medikal

Sante ak sekirite lakay ou enpòtan.

Plan nou an garanti ekipman medikal doktè w preskri. Sa ka gen ladan founiti tankou:

  • Kabann lopital yo
  • Tank oksijèn ak founiti
  • Wòkè oswa chèz woulant

Abònman pou Fòm Fizik

Pwogram One Pass Fitness nou an rete nan manm ki gen laj 18 lane oswa plis sèlman. Ou ka eseye yon opsyon oswa eseye yo tout! Yon kòd ba ou aksè gratis nan:

  • Djim nan tout Eta a, tankou YMCA ak Anytime Fitness
  • Pwogram sou entènèt tankou Daily Burn ak Yoga Works

Nou ka voye tou yon kit fòm fizik lakay ou. Kit sa a gen ekipman pou fè egzèsis ak machaswiv pou pwofite piplis de antrènman ou.

Manm yo ka enskri lè yo vizite sit entènèt la

Swen pou Pye

Kouvèti podyatri nou an gen ladan swen woutin nan pye.

Si ou gen sèten pwoblèm sante tankou dyabèt, bon swen pye yo ka ede anpeche pwoblèm ki pi grav toujou. Nou fè egzamen ki nesesè yo pou ede kenbe pye w an trè bon fòm.

Sipò pou Fanmi Dakèy

Swen fanmi plasman se yon sèvis tanporè yo bay pou timoun ki pa kapab rete lakay yo ankò akoz pwoblèm sekirite. Nou gen pwogram pou ede soutni gadyen ak timoun ki nan fanmi dakèy.

Health Watch se yon pwogram pou ede asire ke doktè yo wè timoun ki nan fanmi dakèy yo pou tout depistaj ak tretman ki apwopriye pou laj timoun yo.

On My Way (OMW) UnitedHealthcare lan se yon zouti ki fèt pou ede jèn granmoun yo fè tranzisyon sot nan fanmi akèy pou vin nan laj granmoun ak endepandans. Ou ka jwenn zouti sa a nan pòtay an sekirite manm yo.

Zouti OMW an kapab konekte jèn ki gen laj tranzisyon nan fanmi dakèy yo avèk estaf sipò kamarad epi li gen modil ki anseye konpetans annapre la yo: 

  • Jesyon lajan 
  • Garanti jwenn lojman 
  • Kreye yon CV 
  • Jwenn yon djòb 
  • Aplike pou kolèj
  • Fikse objektif pèsonèl 
  • Platfòm lan ofri tou yon kòfrefò pou jèn yo konsève dokiman yo an sekirite tankou batistè ak enfòmasyon sou lisans chofè pou aksè fasil nan yo apre fè tranzisyon sot nan fanmi dakèy pou vin nan laj granmoun

Rele Sèvis Manm yo pou aprann plis sou pwogram sa yo ak lòt pwogram sipò pou fanmi dakèy yo.

Pwogram Rekonpans Gratis

Benefisye rekonpans lè ou pran swen sante ou. Rekonpans yo ka chanje. Rele Sèvis Manm pou jwenn plis enfòmasyon. Ou ka jwenn yon kat kado pou aktivite tankou:

  • Ou nouvo nan plan sante a? Fè egzamen bezwen sante w yo. (benefisye kat kado $35 yon fwa pou tout nouvo manm pandan 90 premye jou enskripsyon yo a, tout laj)
  • Vizit dantè (rekonpans kat kado $25 yon fwa pa ane, tout laj)
  • Sispann konsomasyon tabak (benefisye kat kado $25 yon fwa, di nou kijan w kite)
  • Vizit byennèt oswa tchekòp anyèl (rekonpans kat kado $25 yon fwa pa ane, tout laj)
  • Fè vaksinen timoun ou! Yon dòz vaksen kont menengokòk, Tdap, ak vaksen kont papilomaviris imen konplè. (benefis kat kado $50 yon sèl fwa pou manm ki vin gen laj 13 lane pandan 2024)
  • Patisipe nan swivi apre yon sejou lannwit nan lopital akòz maladi mantal oswa blesi sou pwòp tèt ou (de kat kado disponib, $100 pou swivi 7 jou ak $50 pou swivi 30 jou)

Healthy First Steps®

Lè ou ansent, ou resevwa èd ak konsèy nan men fanmi ou ak zanmi ou. Men, chak gwosès diferan. Pwogram sa a ap ba w sipò ou pandan tout gwosès ou an. Kontakte Sèvis pou Manm yo pou w kòmanse.

Nou kapab ede ou:

  • Jwenn yon doktè pou ni manman ni tibebe a
  • Aprann sou nitrisyon, kondisyon fizik ak sekirite
  • Resevwa atik pou ede ou menm ak tibebe w la gen yon depa an bon sante

Ekivalans Lekòl Segondè (High School Equivalency, HSE)

Li pa janm twò ta pou ou fini lekòl segondè. Nou ka ede ou jwenn Ekivalans Lekòl Segondè (HSE). Pwogram sa a gratis. Nenpòt manm laj 16 lane oswa plis kapab fè pati pwogram sa a.

Tanpri, kontakte Sèvis pou Manm yo pou jwenn plis enfòmasyon.

Sèvis ki baze nan kay

Apre yon operasyon oswa yon maladi grav—oswa si ou gen yon andikap—ou ka bezwen èd siplemantè pou travay toulejou yo. Avèk apwobasyon, epi si doktè ou preskri sa, plan nou an kouvri:

  • Sèvis swen enfimye kalifye ki gen limit tan 
  • Terapi espesyalize, sa gen ladan l terapi fizik, terapi lapawòl-langaj ak ègoterapi 
  • Materyèl medikal

Ospitalizasyon

Plan sa a peye pou tout depans lopital anrapò avèk yon sejou lopital, konsa ou ka konsantre sou repo ak gerizon.

Plan nou an kouvri:

  • Swen pou pasyan entène
  • Swen pasyan ekstèn
  • Laboratwa, radyografi ak lòt tès

Apre ou fin kite lopital la, ou pa poukont ou. Nou disponib pou ede ou jwenn nenpòt swen swivi ki nesesè pou ou kontinye geri lakay ou.

Moun ki gen Bezwen Espesyal

Nou gen anpil sèvis ki soutni moun ki gen bezwen espesyal yo. Nou disponib pou asire ke ou genyen: 

  • Yon Navigatè Sèvis pou Manm yo ki pou gid pèsonèl ou epi ede ou konprann sistèm swen sante a 
  • Ede jwenn tout sèvis ou bezwen yo 
  • Sipò pou bezwen sosyal, tankou lojman, okazyon pou travay epi manje ki bon pou sante 
  • Ede jwenn yon transpò ale retou nan randevou swen sante yo 
  • Materyèl ki disponib nan fòma ou bezwen yo

Nou ofri tou swen dantè espesyalize pou manm nou yo ki sansib lè yo touche yo. Tanpri, kontakte Sèvis pou Manm yo pou jwenn plis enfòmasyon.

Entènèt nan Pri ki Pi ba

Ou ka mande rabè sa yo:

  • Jiska $30 pa mwa pou sèvis entènèt
  • Jiska $75 pa mwa pou fwaye yo ki sou tè Tribi ki kalifye yo
  • Yon rabè yon sèl fwa ki rive jiska $100 pou achte yon laptòp, òdinatè biwo oswa tablèt kay founisè patisipan yo

Aksè Entènèt gen anpil avantaj ladan. Ou ka jwenn vizit vityèl, pran klas epi rete konekte avèk plan sante ou an. Tout manm Hoosier Care Connect yo kalifye pou pwogram sa a.

Swen pou Maladi Ren

Maladi ren se yon pwoblèm medikal grav. Apre ren yo sispann fonksyone, tretman regilye ke yo rele dyaliz ren oswa grèf ògàn nesesè pou viv. Dyaliz la itilize yon machin pou netwaye san an menm jan ak ren ki an sante yo fè li.

Plan nou an gen ladan:

  • Dyaliz
  • Medikaman yo
  • Edikasyon ak sipò pou lasante
  • Grèf ògàn si sa nesesè

Laboratwa ak radyografi

Lè w konnen kisa pwoblèm lan ye epi lè li detekte bonè, sa ka fè tout yon diferans. Plan nou an kouvri:

  • Laboratwa ak tès
  • Radyografi, eskanè, ak lòt imajri

N ap ba ou enfòmasyon ou bezwen yo pou ede ou amelyore sante ou oswa pou ou vin nan pi bon fòm ou

Èd nan domèn lang

Pou ede ou pi byen pou pwoblèm sante ou, oumenm ak doktè ou youn dwe kapab konprann lòt. Pou moun ki pa pale English, travay sa a ka vin pi difisil. Nou ka fè aranjman pou yon entèprèt prezan nan randevou medikal ou yo. Nou vle ede diminye baryè lang lan ant oumenm ak doktè ou.

Epitou nou gen Navigatè Sèvis pou Manm yo ki pale plis pase yon sèl lang. Nou ka gen yon moun ki pale lang ou. Nou kapab konekte ou tou avèk sèvis entèprèt nou an ki kouvri plis pase 240 lang.

Depistaj Plon kay Timoun yo

Anpwazonnman plon se bagay ki danjere. Si li pa trete kay timoun piti yo, li ka lakòz pwoblèm byen lwen pi devan. Ou ka jwenn plon nan: 

  • Penti 
  • Tè 
  • Pousyè 
  • Lè 
  • Potri

Doktè ou preskri yon tès san espesyal pou tcheke anpwazonnman plon. Yo fè tès la anjeneral ant laj 6 mwa ak 2 lane. Si timoun ou an pa te teste, doktè ou ta ka vle fè tès la jiska laj 6 lane. Plis tès gendwa nesesè si timoun ou an teste pozitif pou plon. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Sèvis pou Manm yo. Epitou ou kapab pale avèk doktè timoun ou an nan pwochen vizit an sante li.

Medikaman

Jwenn medikaman se yon pati enpòtan nan swen sante ou. Si doktè ou preskri yon medikaman ki endike sou lis medikaman prefere a (Preferred Drug List, PDL), medikaman an kouvri. Si medikaman ou a pa nan lis PDL la, founisè w la ka mande yon lòt medikaman ki nan PDL. Nou gendwa peye pou lòt medikaman avèk apwobasyon alavans.

Ou ka fè egzekite preskripsyon ou yo nan nenpòt famasi nan rezo nou an. Anpil nan yo disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou sou sèt. Pou jwenn yon lis famasi, sèvi ak anyè founisè ou oswa ale sou myuhc.com/CommunityPlan/IN.

Si ou gen yon pwoblèm pou ou jwenn medikaman ou yo, rele Sèvis pou Manm yo. Famasyen ou an ka rele sèvis asistans famasi a tou. Nimewo sa ki sou do kat ID manm ou.

avantaj pwovizyon pou 90 jou
Manm yo ka egzekite yon pwovizyon pou 90 jou nan sèten medikaman antretyen. Medikaman antretyen yo òdinèman se medikaman sa yo ke ou pran regilyèman pou yon maladi kwonik oswa alontèm. 

Avèk yon rezèv pou 90 jou, ou p ap bezwen renouvle preskripsyon ou chak mwa. Pou aprann plis detay, pale avèk doktè ou oswa famasyen ou. Pou jwenn yon lis konplè medikaman ki nan avantaj sa a, rele Sèvis Manm nan 1-800-832-4643, TTY 711.

Liy Dirèk pou Enfimyè

Kesyon medikal yo ka vin parèt nenpòt lè. Lè w gen kesyon konsènan sante ou, ou ka rele yon enfimye/enfimyè 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn: 1-866-801-4407, TTY 711.

Enfimye/enfimyè nou yo pral:

  • Koute sentòm ou yo
  • Ede pou swen pèsonèl
  • Fè ou konnen si ou ka jwenn swen nan pwochen vizit ou kay doktè ou oswa si ou bezwen yon sant swen ijan
  • Ede w konnen moman rive pou w ale nan sèvis dijans

Sèvis Telefòn

Ou bezwen yon telefòn mobil? Pwogram nou an ofri pale, tèks, ak done san limit. Vizite www.mybenefitphone.com epi aplike jodi a menm.

Kite itilizasyon tabak oswa Pwodui Vaping

Li difisil pou kite, men nou kapab ede ou. Èske ou te konnen ke 20 minit apre ou kite fimen, vitès batman kè ou bese nan yon nivo nòmal? Epi nan lespas 24 èdtan apre yo kite, nivo monoksid kabòn nan san ou bese vin nòmal.

Pale avèk doktè ou konsènan kite fimen. Ou ka ekri tèks tou 34191 Oswa rele 1-800-QUIT-NOW (1-800-784-8669) pou jwenn ankadreman, konsèy ak founiti gratis pou ede ou kite fimen. Pandan 2023, benefisye yon kat kado $25 lè ou fini nenpòt pwogram pou kite tabak. 

Pwogram Bon Chwa yo

Pwogram Bon Chwa yo se yon pwogram pou ede ou pran pi bon desizyon medikal.

Si yo seleksyone ou pou Pwogram Chwa Dwa yo, ou pral gen yon founisè medikal prensipal (PMP), yon famasi ak yon responsab swen. Gwoup ekspè sa a pral ede ou jwenn bon swen sante yo nan bon moman ak nan bon kote.

Tanpri, rele Sèvis Manm pou jwenn plis enfòmasyon.

Swen Pèsonèl ak Able To

  • Swen Pèsonèl. Aplikasyon gratis sa a ba w zouti sante emosyonèl pou ede w santi w pi byen. Dekouvri meditasyon, egzèsis respirasyon, videyo, blòg ak plis ankò. Ou pral jwenn kontni adapte pou ou pèsonèlman. Epi aplikasyon Self Care lan fleksib. Sèvi ak li lè w vle e kote w vle.
  • Suivi imè chak jou. Reponn kesyon chak jou pou anrejistre imè ou nan moman an, jwenn modèl epi verifye pwogrè ou.
  • Zouti meditasyon. Eksplore metòd klasik pou relaksasyon — tankou respirasyon pwofon ak imajine yon bagay pozitif — lè w bezwen yo.
  • Koleksyon. Devlope konpetans pou lavi grasa kontni, zouti ak resous pou bagay ki pi enpòtan pou ou.
  • Fèy wout pèsonalize. Swiv pwogrè w, fikse objektif epi pwogrese grasa kontwòl chak semèn.

Piki ak Vaksen

Piki woutin pou ede pwoteje ou kont maladi.

Plan nou an kouvri:

  • Piki ak vaksen PMP ou rekòmande yo
  • Vaksen kont grip
  • Vaksen ak rapèl COVID-19
  • Vaksen kont nemoni yo
  • Vaksen kont Zona

Sèvis Terapi

Terapi fizik, ègoterapi ak òtofoni ka ede ou refè apre yon blesi oswa maladi grav, oswa tou senpleman reyalize tout sa ou kapab fè.

Doktè ou ka preskri terapi pou ou tou si li nesesè. Sa gen ladann:

  • Ègoterapi
  • Terapi fizik
  • Terapi lapawòl
  • Terapi nan kay

Sèvis Transpò

Si ou bezwen yon kous, avantaj ou yo gen transpò nan yo. Nou kouvri kous pou:

  • Randevou medikal
  • Bank manje
  • Famasi
  • Randevou WIC yo
  • Randevou pou kalifikasyon Medicaid

Si ou swiv règ senp sa yo, yo pral ede ou jwenn yon kous: 

  • Rele 3+ jou ouvrab davans 
  • Rele 1-800-832-4643, TTY 711 pou òganize kous la 
  • Si ou anile vizit ou an, rele 1-800-832-4643 pou anile kous ou an 
  • Se pou gen kat ID Medicaid ou disponib 
  • Kous yo se pou rezon apwouve sèlman 
  • Konnen adrès founisè swen sante ou epi dat ak lè randevou ou an 
  • Se pou ou byen presi sou kote ou bezwen yon kous 
  • Apre vizit ou an, rele pou yon kous pou tounen lakay ou 
  • Si doktè ou an ba ou yon preskripsyon ou ka kanpe nan famasi a pou pran li 
  • Fè nou konnen si ou gen bezwen espesyal tankou yon chèz woulant 
  • Manm ki poko gen laj 16 lane dwe gen yon paran oswa yon gadyen avèk yo 
  • Limit transpò ka pou yon founisè ki toupre ou

Ou ka kalifye tou pou yon pas otobis oswa pou ranbousman mileyaj zanmi ak fanmi. Bay Sèvis pou Manm yo yon koutfil pou ou pran yon randevou oswa pou ou poze kesyon konsènan pou ou jwenn sèvis transpò.

Sèvis sa a se pou kous ki planifye davans yo ye. Si ou gen yon ijans ki mete lavi ou an danje rele 911. Y ap bay yon anbilans si yo dwe voye ou lopital.

Vizit pou moun ansante

Vizit konsiltasyon pou moun ansante kay doktè ka ede w rete ansante. Vizit konsiltasyon sa yo ka ede detekte pwoblèm sante bonè, pou yo sa trete yo. Ou dwe wè PMP ou chak ane pou yon bilan sante, menm si ou pa malad oswa sentòm ou yo sou kontwòl. Sèvis prevantif gen ladan yo:

  • Tchekòp pou granmoun ak timoun
  • Swen tibebe ki ansante
  • Swen pou fanm ki pral fè yon tibebe
  • Piki ak tès woutin
  • Depistaj pou kansè

Pa gen okenn kopeman pou swen prevantif yo.

Resous pou Manm

Resous pou Manm yo (louvri yon fenèt modal)
Powered by Translations.com GlobalLink OneLink SoftwarePowered By OneLink