Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Medicare se yon pwogram asirans sante nasyonal pou moun ki gen laj 65 oswa plis, oswa moun ki pi jèn ki gen sèten andikap.
Original Medicare, ki soti nan gouvènman an, gen ladan Pati A ki kouvri depans lopital ak Pati B ki kouvri vizit kay doktè. Yon lòt chwa alaplas Original Medicare se yon plan Medicare Advantage nan yon konpayi asirans prive.
Kèk Plan Medicare Advantage gen pwoteksyon medikaman preskripsyon ladan. Oswa ou ka enskri nan yon plan Pati D Medicare kòm yon lòt mwayen pou w jwenn pwoteksyon medikaman preskripsyon. Opsyon ou chwazi yo afekte pri ak nivo pwoteksyon asirans ou an.
Tankou pifò lòt pwogram asirans, Plan Original Medicare ak Medicare Advantage yo pa peye pou tout depans swen sante. Ou dwe peye franchiz, prim, ko-asirans oswa kopeman. Plan Original Medicare ak Medicare Advantage yo pa peye pou swen alontèm, sejou pwolonje nan mezon retrèt ni pwoteksyon lè w deyò peyi a.
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.