Ale nan kontni prensipal la
Pou Manm yo (Louvri nan yon lòt paj)
Kontni Prensipal

Pwoteksyon Enfòmasyon Prive

Avi HIPAA sou Pratik Konfidansyalite

Aprann fason yo kenbe enfòmasyon medikal ou yo konfidansyèl nan Avi HIPAA sou Pratik Konfidansyalite yo (PDF, English) ak Avi HIPAA sou Pratik Konfidansyalite yo (PDF, Español).

Règleman Enfòmasyon Prive sou sitwèb

Entwodiksyon

Enfòmasyon prive ou enpòtan pou nou. Règleman sa a ap di w ki enfòmasyon nou pran, poukisa nou pran yo, ak sa nou fè avèk yo. Règleman sa a aplike sèlman nan sitwèb sa a. Nan règleman sa a, "nou" "n" ak "Konpayi" vle di UnitedHealthcare, enstitisyon afilye yo, ak konpayi prensipal nou an UnitedHealth Group.

Sitwèb sa a se pou moun k ap viv nan Etazini. Se nan Etazini n ap travay sou nenpòt enfòmasyon ou bay.

Fichye Temwen (Cookies)

"Fichye temwen yo (Cookies)" yo se ti fichye tèks ki estoke nan konpitè ou. Fichye temwen yo fè li fasil pou w navige nan yon sitwèb san ou pa gen pou re-antre non ou, modpas ou, ak preferans ou yo. Konpayi an itilize fichye temwen yo pou wè ki paj ou itilize, kantite fwa ou itilize yo, epitou pou fasilite sèten fonksyon sitwèb la.

Nou pa itilize fichye temwen yo pou pran okenn enfòmasyon pèsonèl ou. Yo pa di nou kimoun ou ye. Sof si lalwa bay pèmisyon an, nou ka itilize fichye temwen yo.

Ou ka fèmen fichye temwen yo nenpòt lè depi ou chanje paramèt navigatè sitwèb ou. Sa ka limite fason w ap itilize fonksyon sitwèb la. Ou ka kontwole tou itilizasyon teknoloji "flash" yo, avèk zouti kontwòl Flash ki disponib sou sitwèb Adobe.

Enfòmasyon Pèsonèl ou

"Enfòmasyon pèsonèl" se enfòmasyon ki di nou kimoun ou ye. Yo ka gen ladan prenon ak non fanmi ou, nimewo telefòn ou, adrès imèl ou, oswa sèten nimewo kont. Ou pa gen obligasyon pou ba nou enfòmasyon pèsonèl ou. Si ou pa fè sa, ou ka limite fason w ap itilize sèten fonksyon sitwèb la.

Nou ka kontakte ou avèk adrès imèl la, nimewo telefòn nan, nimewo telefòn selilè a, nimewo mesaj nan tèks, oswa nimewo faks ou bay nan sitwèb sa a. Nou ka itilize enfòmasyon sa yo pou kontakte ou osijè jesyon sante ou.

Nou ka konbine enfòmasyon pèsonèl ou ba nou sou sitwèb sa a avèk lòt enfòmasyon pèsonèl Konpayi an genyen, tankou avèk filyal yo oswa vandè nou yo. Pa egzanp, si ou te achte yon pwodui oswa sèvis nan men nou, nou ka konbine enfòmasyon pèsonèl ou bay sou sitwèb sa a avèk enfòmasyon ki osijè pwodui oswa sèvis ou resevwa.

Fason nou pataje Enfòmasyon Pèsonèl yo

N ap pataje enfòmasyon pèsonèl ou sèlman bay moun endepandan jan sa endike nan règleman sa a epitou jan lalwa bay pèmisyon pou sa.

Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou si nou vann tout Konpayi an oswa yon pati ladan, si nou fè li vin yonsèl avèk yon lòt, si nou likide li, si yo achte li, oswa nan ka yon tranzaksyon sanblab.

Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou pou reponn yon lòd tribinal, sitasyon, manda rechèch, lalwa oswa règleman. Nou ka kolabore avèk otorite aplikasyon lalwa nan aktivite ankèt ak pouswit jidisyè ki ilegal, ki vyole règ nou yo, oswa ki ka nwizib pou lòt vizitè yo.

Si ou soumèt enfòmasyon yo oswa yon tèks nan yon fowòm diskisyon, tablo afichaj, oswa "diskisyon" ki asosye avèk yon pòsyon nan sitwèb sa a, enfòmasyon ou soumèt ansanm avèk non ekran w lan ap vizib pou tout vizitè yo. Vizitè yo ka pataje enfòmasyon yo avèk lòt moun, epi enfòmasyon yo ka vin piblik.

Nou ka pataje tou enfòmasyon pèsonèl ou bay konpayi endepandan nou anboche pou fè sèvis yo nan non nou.

Sitwèb sa a ka pèmèt ou wè pwofil vizitè ou ak enfòmasyon pèsonèl asosye ou yo epi pou mande chanjman nan enfòmasyon yo. Si fonksyon sa a disponib, n ap mete yon lyen sou sitwèb sa a avèk yon tit tankou "Pwofil Mwen".

Sitwèb la ak Sekirite Enfòmasyon yo 

Nou kenbe sekirite administratif, teknik ak fizik ki rezonab pou ede pwoteje enfòmasyon ou bay sou sitwèb sa a. Men, nou pa kapab garanti sekirite sitwèb nou an. Nou pa ka garanti enfòmasyon w yo p ap bloke pandan ou voye yo ba nou sou Entènèt. Nou pa responsab pou lòt zak ilegal tankou pirat enfòmatik kriminèl.

Pwosesis Kominikasyon Anliy nou an

Nou ka voye bilten, avi sou sitiyasyon kont, ak lòt kominikasyon, tankou kominikasyon maketing sou fòm elektwonik. Nou ka voye imèl tou sou avantaj sante jeneral, mizajou nan sitwèb, kondisyon sante, ak sijè sou sante jeneral. Ou ka di nou ou pa vle nou voye kominikasyon sa yo ba ou. Kontakte nou pou jwenn plis enfòmasyon.

Enfòmasyon sou Timoun yo ki anba13 laj

Nou p ap fè espre pou pran enfòmasyon pèsonèl sou timoun ki poko gen laj 13 ane nan sitwèb sa a san nou pa resevwa pèmisyon yon paran. Tanpri kontakte nou si ou panse nou te pran enfòmasyon pèsonèl sou yon timoun ki poko gen laj 13ane nan sitwèb sa a.

Kontakte Nou

Pou kontakte nou konsènan Règleman Sitwèb sa a pou Enfòmasyon Prive ak pratik nou ki asosye avèk enfòmasyon prive, tanpri kontakte nou nan:

UnitedHealthcare Privacy Office
MN017-E300
PO Box 1459
Minneapolis MN 55440

Dat règleman sa a antre anvigè:

21 Septanm 2016.

Chanjman nan Règleman sou Konfidansyalite nan Sitwèb sa a.

Nou ka chanje Règleman sou Konfidansyalite ki nan Sitwèb sa a nenpòt lè. Chanjman yo ap parèt nan paj sa a sou sitwèb nou an. Si nou fè gwo chanjman, n ap fè ou konnen sa.

Règleman sou Nimewo Sekirite Sosyal

Nou pwoteje konfidansyalite nimewo Sekirite Sosyal ("SSN" yo) yo avèk itilizasyon pwoteksyon fizik, elektwonik, ak administratif ki ede pwoteje kont aksè ki pa otorize. Nou pa otorize divilgasyon ilegal SSN yo.

Sitwèb sa a ka pèmèt ou wè pwofil vizitè ou ak enfòmasyon pèsonèl asosye ou yo epi pou mande chanjman nan enfòmasyon yo. Si fonksyon sa a disponib, n ap mete yon lyen sou sitwèb sa a avèk yon tit tankou "Pwofil Mwen".

>
Powered by Translations.com GlobalLink OneLink Software