Hmm … sanble navigatè ou an demode.
Annou mete navigatè ou an ajou pou ou kapab pwofite yon eksperyans sit lan ki gen plis rapidite ak sekirite.
Kondisyon Itilizasyon
Nòt Enpòtan Konsènan Kontni Sitwèb la
Enfòmasyon ak kontni (ansanm ki rele “Kontni”) ki sou sitwèb sa a se enfòmasyon pou edikasyon jeneral ou sèlman. Kontni an pa kapab, epi li pa gen entansyon, ni li pa la pou ranplase relasyon ou genyen avèk pwofesyonèl swen sante ou yo. Ou pa dwe konsidere Kontni ki nan sit entènèt sa a kòm konsèy medikal, epi li pa la kòm avi medikal. Si ou gen yon ijans medikal, ou pa dwe depann sou okenn enfòmasyon ki nan sit entènèt sa a, epi ou dwe chèche asistans medikal ki apwopriye pou ijans lan, tankou rele “911”. Ou dwe toujou pale avèk pwofesyonèl swen sante yo pou dyagnostik ak tretman, tankou enfòmasyon konsènan ki medikaman oswa tretman ki ka apwopriye pou ou. Okenn nan Kontni ki nan sitwèb sa a pa reprezante ni pa garanti okenn medikaman oswa tretman san danje, apwopriye oswa efikas pou ou presizeman. Enfòmasyon sou sante chanje vit. Poutèt sa, li toujou pi bon pou konfime enfòmasyon yo avèk pwofesyonèl swen sante ou.
Sitwèb sa a deziyen pou yon piblik Etazini. Si w ap viv deyò Etazini, ou ka wè enfòmasyon ki nan sitwèb sa a konsènan pwodui oswa terapi ki pa disponib oswa ki pa otorize nan peyi ou.
Kontni an ka gen ladan enfòmasyon konsènan lòt kalite terapi ak medikaman jenerik pou sèten medikaman sou preskripsyon, epitou li ka dekri itilizasyon pou pwodui oswa pou terapi ki pa jwenn apwobasyon Food and Drug Administration (Ajans Etazini pou Kontwòl Manje ak Medikaman). Kontni sa a se pou bay enfòmasyon, ak pou fè konparezon pri sèlman. Li pa yon konsèy medikal, epi li pa ranplase konsiltasyon avèk yon doktè, famasyen oswa lòt pwofesyonèl swen sante. Pale avèk founisè swen sante ou pou detèmine si yon lòt kalite medikaman sou preskripsyon bon pou ou.
Enfòmasyon Obligatwa
Klike la a pou w li enfòmasyon obligatwa ak enfòmasyon ki gen rapò ak fason pou w itilize sitwèb sa a.
Kontra ak Kondisyon
Kondisyon sa yo pou Itilizasyon pou sitwèb la (“Kondisyon yo”) dekri règ pou itilize sitwèb sa a. Kondisyon sa yo reprezante yon kontra ki gen fòs legal ant ou, moun k ap itilize sitwèb sa a, ak UnitedHealthcare. Si w ap ede yon lòt moun itilize sitwèb sa a, Kondisyon sa yo reprezante yon kontra ki gen fòs legal ant moun k ap bay èd la ak moun k ap resevwa èd la ak UnitedHealthcare. Mo tankou “nou” oswa “n” ak “Konpayi” vle di UnitedHealthcare ak manm afilye li yo.
Si w sèvi avèk sitwèb sa a, ou dakò ak Kondisyon ki pi resan yo ansanm ak vèsyon ki pi resan nan Règleman sou vi prive nou yo. Nou ka chanje Kondisyon sa yo nenpòt lè, epi n ap mete chanjman yo nan paj-ekran sa a oswa nan paj-ekran sanblab sitwèb sa a. Se responsablite ou pou revize Kondisyon sa yo chak fwa w ap itilize sitwèb sa a. Si ou kontinye itilize sitwèb sa a, ou dakò avèk nenpòt chanjman nan Kondisyon nou yo.
Lè w sèvi avèk sitwèb sa a, ou rekonèt ak dakò ke nenpòt aktivite sou sitwèb sa a kapab anba siveyans Konpayi an nenpòt ki lè, epi konpayi an ka sèvi ak rezilta siveyans sa a san limit, selon lwa ki aplikab yo.
Si ou fè nenpòt lòt kontra avèk Konpayi an, pa egzanp, konsènan pwoteksyon plan sante a, lè sa a Kondisyon sa yo ap ajoute sou kondisyon ki nan lòt kontra a. Ni lè ou fè kontra sa a, ni lè ou vizite sitwèb sa a, ni nenpòt nan Kondisyon sa yo, pa garanti ou kalifye pou resevwa pwoteksyon nou pou nenpòt plan nou ofri nan sitwèb sa a oswa nan lòt kote.
Lisans pou Itilize sitwèb sa a ak Posesyon Kontni
Dapre Kondisyon sa yo, Konpayi an ba ou yon lisans ki pèsonèl, ki pa ka transfere, ki pa patikilye, ki ka anile, epitou ki la sèlman pou wè Kontni ki nan sitwèb la pou sèlman pran enfòmasyon konsènan plan nou an ak aktivite asosye yo tankou, si gen otorizasyon nan sitwèb sa a, aplikasyon pou antre nan yon plan. Ou ka enprime yon kantite kopi rezonab tou nan Kontni an pou itilizasyon pèsonèl ou, men nan ka sa a ou dwe kopye tout dwadotè pwopriyetè a ak avi mak komèsyal la. Tout dwa, tit ak enterè ki nan sitwèb la, tankou Kontni ak tout dwa pwopriyete entelektyèl, tankou tout dwadotè, mak komèsyal, patant, ak dwa pou sekrè komèsyal ki nan sitwèb la dwe rete avèk Konpayi an ak enstitisyon ki bay lisans yo ak vandè yo, epi nou pa transfere okenn enterè pwopriyetè ba ou oswa ba lòt enstitisyon pou rezon pou mete Kontni an disponib sou sitwèb la, pou bay lisans ki endike anwo a, oswa pou fè Kontra sa a.
Sizoka ou chwazi pou ba nou nenpòt kòmantè, sijesyon, oswa kominikasyon sanblab, n ap konsidere tout mesaj sa yo (ansanm ki rele “Mesaj Kòmantè”) kòm mesaj ki pa pèsonèl, ki pa sekrè (sòf pou enfòmasyon pèsonèl yo jan sa dekri nan Règleman nou sou Enfòmasyon Prive), epitou ki pa pwopriyetè. Ou bay Konpayi an yon lisans ki avi, ki gen posiblite pou nou bay sou-lisans, ki ka negosye, ki pa gen restriksyon, ki mondyal, ki pa garanti peman wayote, epi ki pa ka anile, pou itilize, kopye, afiche, egzekite, pratike, modifye, kreye travay derive oswa travay komen, transmèt ak distribiye Mesaj Kòmantè ou, nan tout oswa an pati, epitou ansanm avèk tout dwa pwopriyete entelektyèl ki ladan.
Kèk sitwèb Konpayi an opere gen ladan yo mak komèsyal oswa logo ki se pou lòt enstitisyon twazyèm pati ki bay lisans, epitou yo itilize yo annakò avèk yon kontra avèk twazyèm pati sa yo.
Nou ka sispann lisans sa a nenpòt lè pou nenpòt rezon. Si ou vyole nenpòt nan Kondisyon sa yo, lisans ou pou Kontni a ap sispann imedyatman. Lè lisans ou sispann, ou dwe sispann itilize sitwèb sa a, ansanm ak tout Kontni an, epitou ou dwe voye tounen oswa detwi tout kopi yo, tankou kopi elektwonik Kontni ke ou genyen oswa ke w ap kontwole.
Restriksyon sou Itilizasyon Sitwèb sa a
Ou dakò:
- pou pa itilize sitwèb sa a oswa Kontni an nan okenn fason Kondisyon sa yo oswa tèks sitwèb la limenm pa ba ou pèmisyon aklè;
- pa kopye, ni modifye oswa kreye travay derive ki konsène Kontni an, sof ke ou ka enprime yon kantite kopi rezonab pou itilizasyon pèsonèl ou, depi ou repwodui tout avi dwadotè ak mak komèsyal pwopriyetè yo;
- pou pa defòme idantite ou, oswa pou pa ban nou okenn fo enfòmasyon nan pòsyon rasanblaj enfòmasyon sitwèb sa a, tankou yon paj pou anrejistreman oswa pou aplikasyon;
- pou pa fè okenn aksyon ki deziyen pou deranje operasyon sitwèb sa a;
- pou pa antre oswa pou pa eseye antre nan nenpòt pòsyon sitwèb sa a kote ou sitou pa gen pèmisyon pou antre;
- pou pa divilge okenn modpas ki afekte pou ou ba okenn twazyèm pati, oswa pou pa itilize okenn modpas yo bay yo kreye pou yon twazyèm pati;
- pou pa otorize nenpòt lòt moun dirèkteman oswa endirèkteman pou fè aksyon ki entèdi nan seksyon sa a;
- pou konfòme ou avèk tout lwa ak règleman ki anvigè pandan w ap itilize sitwèb sa a oswa Kontni an. Ou deklare ak garanti ou gen omwen 13 ane, epi si ou gen ant laj ant 13 ak 18 ane, yon paran ak/oswa responsab legal dakò avèk Kondisyon pou Itilizasyon sa yo onon w.
Pibliye Mesaj, Kòmantè oswa kontni
Sèten pòsyon sitwèb sa a ka konfigire pou bay itilizatè yo pèmisyon pou mete mesaj, kòmantè, oswa lòt kontni. Nenpòt kontni konsa reprezante sèlman pwendvi moun ki mete li a, epi li pa ranplase rechèch pwòp pa ou, epi ou pa dwe depann de li pou okenn rezon. Ou dakò pou pa mete nenpòt kontni:
- ki imilyan, ki pale moun mal, ki difamatwa, gwosye, pònografik, endesan, degoutan, ki arase moun, menasan, nuizib, ki vyole enfòmasyon prive moun oswa dwa piblisite, ki abizif, agresif, oswa chokan yon lòt fason; oswa
- kote transmisyon kontni an kapab vyole, oswa fasilite vyolasyon nenpòt lwa, règleman ki anvigè oswa dwa pwopriyete entelektyèl.
Ou se sèl moun ki responsab pou kontni ki nan nenpòt mesaj ou soumèt, epi Konpayi an p ap pran responsablite oswa angajman pou okenn kontni oumenm oswa lòt moun ki vini nan sitwèb la soumèt. San nou pa gen obligasyon pou sa, nou ka limite oswa retire nenpòt ak tout kontni ki nan yon mesaj nou detèmine ki vyole Kondisyon sa yo dapre sèl desizyon nou, oswa ki nuizib pou nou, pou kliyan nou yo, oswa pou nenpòt twazyèm pati. Nou gen dwa pou retire kontni ou bay la nenpòt lè, men ou konprann nou gendwa konsève ak jwenn aksè nan yon kopi rezèv, epi nou ka divilge kontni an si li obligatwa pou nou fè sa dapre lalwa oswa si an tout bòn fwa lalwa egzije aksè, prezèvasyon, oswa divilgasyon sa osnon li nan pi bon enterè Konpayi an.
Nenpòt kontni ou soumèt se pou itilizasyon ki pa komèsyal sèlman. N ap ekspedye nan Entènèt nenpòt kontni ou soumèt, epi ou rekonèt ak dakò ou pa espere enfòmasyon prive anrapò avèk nenpòt kontni ou soumèt. Pa janm sipoze ou anonim, epi pa janm sipoze yo pa kapab idantifye ou avèk mesaj ou yo.
Si ou mete kontni, oswa si ou soumèt dokiman, epitou sof si nou endike lòt enstriksyon, ou bay Konpayi an yon dwa ki pa ka transfere, ki pa gen peman wayote, ki avi, ki pa ka anile, epi ki ban nou otorizasyon nèt pou bay sou-lisans, pou itilize, kopye, modifye, adapte, pibliye, tradui, kreye travay avèk kontni an, distribye, epi afiche kontni an toupatou nan lemonn pa nenpòt mwayen. Ou bay Konpayi an ak nenpòt nan moun ki gen sou-lisans yo dwa pou itilize non ou soumèt la anrapò avèk kontni an, si yo chwazi fè sa. Ou deklare epi ou garanti ke ou gen kontwòl sou tout dwa yo nan kontni ou mete a; ke kontni an egzat; ke itilizasyon kontni ou bay la pa vyole Kondisyon Jeneral yo, epi li p ap lakòz domaj pou okenn moun oswa enstitisyon; epitou ke w ap dedomaje Konpayi an oswa afilye li yo pou tout reklamasyon ki fèt akòz kontni ou bay la.
Vyolasyon Dwadotè – Avi DMCA
Lwa 1998 sou Dwadotè Milenè Dijital (Digital Millennium Copyright Act, “DMCA”) la bay mwayen efikas pou pwopriyetè dwadotè ki kwè dokiman ki parèt sou Entènèt vyole dwa yo anba lwa Etazini sou dwadotè. Si ou kwè an tout bòn fwa kontni oswa dokiman ki sou sitwèb sa a vyole yon dwadotè ou posede, oumenm (oswa ajan ou) ka voye yon avi ba Konpayi an pou mande pou li retire dokiman an, oswa pou bloke fason pou moun jwenn dokiman an. Ou dwe voye demann sa a nan: DMCARegisteredAgent@uhc.com; oswa, ou ka voye l nan: UnitedHealth Group, Attn: DMCA Registered Agent, 9900 Bren Road East, Minnetonka, MN 55343.
Avi a dwe gen ladan enfòmasyon sa yo: (a) yon siyati fizik oswa elektwonik yon moun ki gen otorizasyon pou pran desizyon sou non pwopriyetè yon dwa patikilye ou sipoze yo vyole a; (b) idantifikasyon travay ki gen dwadotè ou kwè yo vyole a; (c) idantifikasyon dokiman ou kwè yo vyole a, oswa ou kwè ki nan aktivite yo vyole a; (d) non, adrès, nimewo telefòn, ak imèl moun ki pote plent lan; (e) yon deklarasyon moun ki pote plent lan pou fè konnen moun ki pote plent lan kwè toutbon itilizasyon dokiman an nan fason li pote plent lan pa gen otorizasyon pwopriyetè dwadotè a, ajan li, oswa lalwa; epi (f) yon deklarasyon ki endike enfòmasyon ki nan avi a se enfòmasyon ki egzat epi, ak posiblite sanksyon pou fo temwayaj, moun ki pote plent lan gen otorizasyon pou pran desizyon sou non pwopriyetè yon dwa patikilye li sipoze yo vyole a. Si ou gen bon rezon pou kwè yo bay yon avi vyolasyon dwadotè ki pa kòrèk kont ou, DMCA ba ou pèmisyon pou voye yon kont-avi. Avi ak kont-avi yo dwe satisfè kondisyon legal DMCA enpoze, epi ki anvigè nan moman an. Ou dwe voye avi ak kont-avi anrapò avèk sitwèb sa a nan adrès ki anwo a.
Chanjman nan Kontni Sitwèb la
Nou ka chanje, ajoute, oswa retire kèk oswa tout sa ki nan Kontni an nan sitwèb sa a nenpòt lè. Answit, tanpri konnen menmsi objektif nou se pou bay enfòmasyon ki egzat, sèten fonksyon nou ka ofri nan sitwèb sa a, tankou founisè swen sante patisipan, enfòmasyon sou pri oswa lòt Kontni, ka pa egzat, oswa yo ka pa ajou. Answit, tanpri sonje patikilarite nenpòt plan oswa plan yo ki dekri nan sitwèb sa a ka chanje apre yon peryòd tan jan lalwa otorize sa, tankou nivo avantaj yo, atik ki nan nenpòt fòmilè, detèminasyon pri oswa lis founisè patisipan yo, oswa lòt vandè asosye.
Lyen yo
Pandan ou nan sitwèb sa a, ou ka klike sou yon lyen k ap mennen ou nan lòt sitwèb, epi ou sòti nan sitwèb sa a. Nou bay lyen ki mennen nan lòt sitwèb ki ka gen enfòmasyon ki ka itil ou, oswa ki ka enterese ou. Nou pa bay apwobasyon oswa nou pa pran responsablite pou kontni ak presizyon sitwèb lyen twazyèm pati yo opere, oswa pou nenpòt operasyon ou fè avèk twazyèm pati sa yo. Ou se sèl moun ki responsab pou operasyon ou fè avèk twazyèm pati yo, epitou nou ankouraje ou pou li kondisyon pou itilizasyon ak règleman sou enfòmasyon prive ki nan sitwèb twazyèm pati yo.
PA GEN GARANTI
NOU BA OU TOUT KONTNI KI NAN SITWÈB SA A SOU YON BAZ “JAN LI YE”, “JAN LI DISPONIB”. KONPAYI AN, TOUT TWAZYÈM PATI YO, SI GENYEN, KI BAY KONTNI POU SITWÈB SA A, AK TOUT TWAZYÈM PATI KI BAY SIPÒ OSWA ENFÒMASYON POU SITWÈB SA A (ANSANM, KI RELE “PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA”) PA BAY OKENN KALITE GARANTI, SWA FÒMÈL OSWA SIPOZE, LEGAL, OSWA KI GEN LADAN, MEN PA SÈLMAN, GARANTI SIPOZE POU POSIBLITE POU FÈ KOMÈS OSWA POU ADAPTASYON POU YON REZON PATIKILYE EPI POU PA GEN VYOLASYON.
PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA PA BAY GARANTI POU PRESIZYON, TOTALITE, KREDIBILITE, OSWA FYABILITE OKENN KONTNI KI DISPONIB NAN SITWÈB SA A. SAN PA GEN LIMIT NAN SA KI ENDIKE ANVAN AN, PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA ESPESYALMAN PA DEKLARE OSWA PA GARANTI OKENN ENFÒMASYON KONSÈNAN AVANTAJ PATIKILYE PLAN AN OSWA KAPASITE PWOTEKSYON AN EGZAT OSWA KONPLÈ. PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA PA BAY DEKLARASYON NI YO PA BAY GARANTI KE ITILIZASYON SITWÈB SA A P AP ENTÈWONP OSWA P AP GEN ERÈ, KE Y AP KORIJE DEFO YO, NI KE SITWÈB SA OSWA TEKNOLOJI KI RANN LI DISPONIB P AP GEN VIRIS OSWA LÒT KONPOZAN KI NUIZIB. OU RESPONSAB POU PRAN TOUT PREKOSYON KI NESESÈ POU ASIRE NENPÒT KONTNI OU KA JWENN NAN SITWÈB SA A PA GEN VIRIS AK OKENN LÒT KÒD ENFÒMATIK KI GEN POSIBLITE POU DESTRIKSYON.
Kèk Eta pa bay otorizasyon pou gen limit sou garanti sipoze yo, kidonk youn oswa plizyè limit ki endike anwo a ka pa aplike pou ou. Tcheke lwa lokal ou pou nenpòt restriksyon oswa limit sou esklizyon garanti sipoze yo.
LIMIT RESPONSABLITE
OU DAKÒ POU OKENN NAN PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB SA A PA DWE RESPONSAB POU OKENN DOMAJ AKÒZ ITILIZASYON OU OSWA ENKAPASITE POU ITILIZE SITWÈB SA A OSWA KONTNI AN. PWOTEKSYON SA A KONSÈNE REKLAMASYON KI BAZE SOU GARANTI, KONTRA, DOMAJ, RESPONSABLITE ESTRIK, AK NENPÒT LÒT TEYORI LEGAL. PWOTEKSYON SA A KONSÈNE PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA, TANKOU TOUT AFILYE YO, AK LÒT FONKSYONÈ, DIREKTÈ, ANPLWAYE, AK AJAN AFILYE YO. PWOTEKSYON SA A KONSÈNE TOUT PÈT YO, TANKOU, SAN LIMIT, DOMAJ DIRÈK OSWA ENDIRÈK, DOMAJ ESPESYAL, DOMAJ MINÈ, DOMAJ ENPÒTAN, DOMAJ GRAV, AK DOMAJ TRÈ GRAV, DOMAJ PÈSONÈL/LANMÒ SAN JISTIFIKASYON, PWOFI KI PÈDI, OSWA DOMAJ AKÒZ DONE KI PÈDI OSWA AKÒZ SISPANSYON BIZNIS. RESPONSABLITE TOTAL AK MELANJE PATI KI ASOSYE AVÈK SI ENTÈNÈT LA, TANKOU TOUT AFILYE YO, AK FONKSYONÈ, DIREKTÈ, ANPLWAYE AK AJAN AFILYE YO, SI GENYEN, POU PÈT OSWA POU DOMAJ YO DWE LIMITE AK KANTITE VRÈ DOMAJ OU YO, SAN LI PA DEPASE U.S. $100.00. LIMIT RESPONSABILITE AN GENDWA PA ANVIGÈ NAN SÈTEN ETA. NAN OKENN KA, PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA, TANKOU TOUT AFILYE YO, AK FONKSYONÈ, DIREKTÈ, ANPLWAYE AK AJAN AFILYE YO, PA DWE RESPONSAB POU OKENN PÈT OSWA DOMAJ KI DIFERAN AK KANTITE KI DEKRI ANWO A. TOUT LÒT DOMAJ YO, DOMAJ DIRÈK OSWA ENDIRÈK, DOMAJ ESPESYAL, DOMAJ MINÈ, DOMAJ ENPÒTAN, DOMAJ GRAV, OSWA DOMAJ TRÈ GRAV, AKÒZ NENPÒT ITILIZASYON SITWÈB LA OSWA KONTNI AN, PA LADAN, MENMSI PATI KI ASOSYE AVÈK SITWÈB LA TE RESEVWA AVI SOU POSIBLITE POU GEN DOMAJ SA YO. OU DAKÒ POU OU ITILIZE SITWÈB SA A AK PWÒP RISK PA OU. SI OU PA SATISFÈ AVÈK SITWÈB SA A OSWA AVÈK KONTNI AN, SÈL AKSYON PATIKILYE OU SE SISPANN ITILIZE SITWÈB LA.
Lwa ak Règleman ki Detèmine Limit yo
Lwa Eta Minnesota kontwole Kondisyon sa yo ak nenpòt kòz aksyon ki genyen anba oswa ki asosye avèk itilizasyon sitwèb la, san referans ak prensip konfli lwa. Ou dakò pou sèl jiridiksyon apwopriye ak zòn pou nenpòt konfli avèk Konpayi an, oswa nan nenpòt fason ki asosye avèk fason ou itilize sitwèb sa a, se nan tribinal Eta oswa tribinal federal ki nan Eta Minnesota, U.S.A. Answit, ou dakò epi ou bay konsantman ou pou egzèsis jiridiksyon pèsonèl nan tribinal sa yo anrapò avèk nenpòt konfli ki konsène Konpayi an oswa anplwaye li yo, fonksyonè li yo, direktè li yo, ajan li yo, ak founisè li yo. Si nou detèmine nenpòt dispozisyon Kondisyon sa yo pa valab dapre nenpòt règleman oswa règ lalwa ki anvigè, nou dwe anvizaje retire dispozisyon sa a nan limit li pa valab la, epi rès Kontra a dwe rete anvigè.
Anvan ou chèche fè aksyon legal pou nenpòt domaj ou kwè ou genyen akòz itilizasyon sitwèb sa a oswa ki asosye avèk itilizasyon sitwèb sa a, ou dakò pou fè nou konnen sa alekri, epi pou ban nou 30 jou pou rezoud domaj la anvan ou kòmanse nenpòt aksyon. Ou dwe kòmanse nenpòt kòz aksyon nan yon ane ki vini apre ou te fè reklamasyon an, oswa w ap jwenn entèdiksyon pou pa kontinye nenpòt kòz aksyon.
Kontakte Nou
Pou kontakte nou osijè Kondisyon sa yo oswa operasyon sitwèb la limenm, kontakte nou nan 1-866-633-2446, oswa TTY 711 oswa ekri nou nan adrès ki annapre a:
UnitedHealthcare Privacy Office
MN017-E300
P.O. Box 1459
Minneapolis, MN 55440
Dat Antre Anvigè
Dat Antre Anvigè Kondisyon sa yo se 31 oktòb 2016.
Lòt Kondisyon
Obligasyon ou anba seksyon sa yo rete anvigè apre anilasyon Kontra sa a: Nòt Enpòtan Konsènan Kontni Sitwèb la; Kontra ak Kondisyon yo; pòsyon Lisans pou itilize sitwèb sa a ak posesyon kontni an; Restriksyon sou itilizasyon sitwèb sa a; Fason pou mete mesaj, kòmantè, oswa kontni; Vyolasyon Dwadotè – Avi DMCA; Chanjman nan kontni sitwèb la; Lyen yo; PA GEN GARANTI; LIMIT RESPONSABLITE; Lwa ak règleman ki detèmine limit; Lòt kondisyon yo. Si nenpòt tribinal ki gen jiridiksyon konpetan jwenn nenpòt dispozisyon Kondisyon sa yo pa valab, dispozisyon ki pa valab la pa dwe afekte validite rès dispozisyon Kondisyon sa yo, ki dwe rete anvigè nèt. Okenn renonsyasyon pou nenpòt nan Kondisyon sa yo pa dwe konsidere kòm yon lòt renonsyasyon oswa kòm kontinyasyon renonsyasyon kondisyon jeneral la oswa nenpòt lòt kondisyon jeneral. Ou dakò pou defann ak dedomaje Pati ki Asosye avèk Sitwèb la, ak filyal yo, afilye yo, fonksyonè yo, direktè yo, anplwaye yo, ak ajan yo pou nenpòt reklamasyon, demann, oswa domaj, ankontan frè avoka rezonab, akòz oswa ki asosye avèk vyolasyon Kontra sa a, oswa akòz oswa ki asosye avèk itilizasyon oswa move itilizasyon Kontni an oswa sitwèb la. Ou pa ka transfere oswa afekte okenn dwa oswa obligasyon anba Kontra sa a. Konpayi an ka transfere oswa afekte dwa ak obligasyon li yo anba Kontra sa a.
Lyen sa a disponib pou w sa jwenn enfòmasyon nan sit Entènèt yon tyès pati. Nou bay lyen sa a sèlman pou fasilite w e nou pa andose enfòmasyon ki sou sit Entènèt tyès pati a ni nonplis tou nou pa andose okenn pwodwi oswa sèvis yap ofri sou sit Entènèt sa a. Nou pa responsab pou pwodwi oswa sèvis yo ofri yo ni pou enfòmasyon ki sou kèlkeswa sit Entènèt ki lye ak sit sa a oswa kèlkeswa enfòmasyon ki sou yon lyen ki nan sit Entènèt ki lye ak sa a. Nou pa fè okenn deklarasyon konsènan kalite pwodui oswa sèvis yo ofri yo, ni konsènan kontni oswa egzaktitid materyèl ki sou sitwèb sa yo.