Ale nan kontni prensipal la
Pou Manm yo (Louvri nan yon lòt paj)
Kontni Prensipal

Kesyon yo poze souvan pou moun ki gen Medicaid ak Medicare

Kesyon yo poze pi souvan

Se United Healthcare Insurance Company ak afilye nou yo ki ofri plan sante UnitedHealthcare yo. Nou (ak lòt konpayi asirans prive yo) travay avèk ajans federal ak ajans Eta pou bay asirans sante gouvènman an patwone. Nou pa fè pati Medicare. Nou travay avèk Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid (Medicare & Medicaid Services, CMS) ak anpil gouvènman Eta yo pou bay pwoteksyon asirans sante pou benefisyè Medicare ak Medicaid yo. Aprann plis apwopo Medicare

Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (ki rele tou plan sante doub oswa D-SNP yo an abreje) se pou moun ki kalifye pou ni Medicare ni Medicaid. Yon plan sante doub fonksyone ansanm ak plan sante Medicaid ou. Ou pral konsève tout avantaj Medicaid ou yo. Plan Sante Doub yo garanti vizit admisib kay doktè, sejou lopital ak medikaman preskripsyon.1 Pou moun ki kalifye, yon plan sante doub ka ofri plis avantaj sante pase avèk Original Medicare ak yon plan Part D apa.

Plan sante doub yo:

  • Se pou moun ki ka bezwen èd anplis akòz enfimite, laj ak/oswa pwoblèm sante
  • Bay plis avantaj pase Original Medicare1
  • Se konpayi asirans prive tankou UnitedHealthcare ki ofri yo
  • Pa gen okenn frè anplis

1Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit ak esklizyon aplike.

(Menmsi ou gen yon prim – sa se montan ou peye pou asirans lan – ou gendwa kalifye pou sibvansyon pou revni fèb pou ede w pou pri a.) Aprann plis sou Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo.

Nan tout Eta yo, Medicaid bay pwoteksyon asirans sante pou sèten moun ki gen revni fèb, fanmi ak timoun, fanm ansent, granmoun aje, ak moun ki gen andikap. Nan sèten Eta, Medicaid garanti tout adilt revni fèb ki gen revni ki pi ba ke yon sèten nivo revni.

Kondisyon egzak pou w kalifye pou Medicaid depann de kote w abite a. Pou konnen si w kalifye pou Medicaid nan Eta pa ou, vizite sitwèb pou Medicaid nan Eta pa ou an. Apresa tcheke kondisyon kalifikasyon yo.

W ap jwenn yon lyen sou sitwèb la pou ajans Medicaid Eta ou an nan paj "Detay Plan" pou chak plan sante UnitedHealthcare Community Plan ofri. Pou wè plan ki disponib nan zòn ou an, tanpri itilize fonksyon rechèch ki nan paj akèy nou an nan UHCCommunityPlan.com

Medicaid se yon pwogram swen sante chak gouvènman Eta yo jere nan nivo Eta a. Men, gouvènman Eta yo pa bay asirans sante reyèlman. Gouvènman Eta yo fè kontra avèk konpayi asirans prive tankou UnitedHealthcare pou ofri pwoteksyon asirans sante pou benefisyè Medicaid ak lòt pwogram swen sante gouvènman an. Plan sante nou yo ki gen patwonaj gouvènman an fonksyone avèk non UnitedHealthcare Community Plan.

Medicare se yon pwogram asirans sante nasyonal gouvènman federal la jere. Li se pou moun ki gen laj 65 ak piplis, ak pou sèten moun tou ki poko gen laj 65 ki gen sèten andikap. Aprann plis apwopo Medicare. 

Medicaid se yon pwogram nan nivo federal ak nan nivo Eta ki bay kouvèti asirans swen sante bay moun ki kalifye yo. Chak Eta dirije pwòp pwogram Medicaid li, men gouvènman federal la gen règ tout Eta yo dwe swiv. Gouvènman federal la bay omwen mwatye nan finansman an tou pou kondisyon Medicaid yo. Aprann plis bagay konsènan kisa Medicaid ye ak kisa Medicaid kouvri.

Non. Ou pa bezwen referans pou w pran swen nan men nenpòt doktè, lopital oswa klinik andedan rezo a.

Plan doub nou yo garanti anjeneral swen prevantif ak sèvis woutin yo san w pa gen frè anplis. Nou ofri èd tou pou kowòdone avantaj Medicaid yo. Lòt avantaj estanda ki garanti nan plan doub nou yo anjeneral gen ladan:

  • Dantè
  • Vizyon
  • Odisyon (zòrèy)
  • Èd pou transpò
  • Liy dirèk swen enfimye]
  • Ak anpil lòt avantaj ak karakteristik1

1Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit ak esklizyon aplike.

Manm nan Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) ka antre, chanje oswa abandone plan yo 1 fwa pandan chak peryòd enskripsyon 3 mwa. Peryòd sa yo se Janvye jiska Mas; Avril jiska Jen; ak Jiyè jiska Septanm.

Si w fè yon chanjman, l ap antre anvigè nan premye jou pwochen mwa a. Ou kapab tou fè chanjman nan kouvèti asirans ou an pandan Peryòd Enskripsyon Anyèl la soti 15 oktòb jiska 7 desanm. Si se konsa, chanjman ou yo ap antre anvigè le 1 janvye ane pwochèn. Aprann plis sou peryòd enskripsyon Medicare yo.

Kowòdinasyon avantaj (Coordination Of Benefits, COB) aplike pou moun ki gen kouvèti nan plis pase yon sèl plan sante. COB vle pale de plan ki peyè prensipal (premye) la epi ki plan ki dezyèm peyè a. Peyè prensipal la kowòdone founiti tout avantaj plan sante yo. Dezyèm peyè a kouvri sa peyè prensipal la pa kouvri nan frè ak avantaj yo.

Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) se yon kalite plan Medicare Advantage. Nan sans sa, D-SNP kowòdone founiti avantaj pou alafwa Medicare ak Medicaid. Nan pifò ka yo, Medicaid kouvri avantaj ak frè ke D-SNP an pa kouvri. D-SNP yo kowòdone tou jesyon swen, jesyon maladi ak lòt sèvis klinik yo.

UnitedHealthcare Community Plan sèvi manm ki kalifye pou Medicaid oswa pou alafwa Medicaid ak Medicare nan 42 eta ak nan District of Columbia.*

UnitedHealthcare ofri plan Medicaid nan Eta sa yo:
Arizona, California, Eta Florid, Hawaii, Indiana, Kansas, Kentucky, Louisiana, Massachusetts, Maryland, Michigan, Minnesota, Missouri, Mississippi, North Carolina, Nebraska, New Jersey, Nevada, New York, Ohio, Pennsylvania, Rhode Island, Tennessee, Texas, Virginia, Washington, Wisconsin

UnitedHealthcare ofri Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) nan eta sa yo**:
Alabama, Arkansas, Arizona, California, Connecticut, Colorado, District of Columbia, Delaware, Eta Florid, Georgia, Hawaii, Iowa, Indiana, Kansas, Kentucky, Louisiana, Massachusetts, Maryland, Maine, Michigan, Missouri, Mississippi, Montana, North Carolina, Nebraska, New Jersey, Nevada, New York, Ohio, Oklahoma, Pennsylvania, Rhode Island, South Carolina, South Dakota, Tennessee, Texas, Utah, Virginia, Washington, Wisconsin, West Virginia, Wyoming

*Apati mwa Fevriye 2022
**Pa disponib nan tout konte yo

Anyè rechèch sou entènèt nou an rann li fasil pou jwenn doktè, espesyalis ak etablisman swen nan rezo yo ki toupre ou. Jis antre kòd postal ou. Apresa ou ka chèche dapre non doktè an, kalite swen, etablisman, sèvis ak tretman pou jwenn egzakteman sa ou bezwen an.

Eleman debaz Medicaid

Si w enskri nan yon plan doub UnitedHealthcare epi ou pèdi kalifikasyon w pou Medicaid, n ap mete w annatant pandan 6 mwa. Pandan peryòd sa a, w ap oblije peye pòsyon kotizasyon nan frè Medicare tankou kopeman, ko-asirans, franchiz ak prim yo. Si ou pa tounen gen kalifikasyon pou Medicaid ou nan fen 6 mwa yo, enskripsyon w ap anile nan plan doub nou an.

Men, sonje, ou ka enskri nan yon plan doub nenpòt lè. Si ou tounen gen pwoteksyon asirans Medicaid ou, annik pale avèk yon ajan lavant otorize UnitedHealthcare pou w re-enskri nan yon plan doub.

Chak Eta jere pwòp pwogram Medicaid li, kidonk sa ki kouvri nan Medicaid ka varye selon Eta a. Men, gen kèk sèvis chak Eta dwe kouvri nan pwogram Medicaid li a dapre lwa federal la. Yo rele sa avantaj obligatwa yo. Eta yo ka chwazi tou pou ofri lòt avantaj nan Medicaid. Yo rele sa avantaj opsyonèl.

Avantaj Medicaid obligatwa yo gen ladan yo:

  • Swen nan lopital pou pasyan ki entène
  • Swen enfimye kalifye pou pasyan ki entène pou yon ti tan oswa swen etablisman reyadaptasyon
  • Sèvis doktè
  • Swen lopital pou pasyan ekstèn oswa swen klinik
  • Sèvis laboratwa ak radyografi
  • Swen sante adomisil pou yon ti tan (yon ajans swen sante adomisil ofri)
  • Sèvis anbilans
  • Medikaman preskripsyon pou moun ki pa kouvri nan Medicare

Avantaj opsyonèl kèk Eta ofri ka gen ladan yo:

  • Egzamen zye ak linèt
  • Egzamen odisyon ak aparèy pou tande
  • Swen dantè
  • Depistaj pou prevansyon
  • Terapi fizik (ki ale pi lwen pase sa yo ofri nan Medicare)
  • Transpò ki pa ijans pou ale retou pou tretman medikal
  • Sèten medikaman preskripsyon pa kouvri nan Medicare
  • Kèk medikaman san preskripsyon, sa gen ladan l sèten vitamin
  • Swen kiwopratik

Nan pifò ka yo, Medicaid peye tout frè yo pou sèvis ki garanti yo, kidonk moun ki gen Medicaid pa oblije peye yon prim chak mwa ni okenn franchiz. Men, gen kèk eksepsyon epi règ yo varye selon Eta a. Nan sèten ka, si yon moun gen avantaj Sekirite Sosyal, yo ka pran yon ti montan nan avantaj sa yo pou ede kouvri pri kouvèti Medicaid la.

Nan pifò ka yo, Medicaid se peyè kòm dènye chwa a. Sa vle di Medicaid pral peye apre nenpòt lòt peyè fin peye pati l nan sèvis yo bay yo. Pa egzanp, si ou gen Medicare oswa nenpòt ki kalite kouvèti asirans swen sante prive, Medicaid ap toujou peyè an dezyèm lan. Founisè swen sante yo pral faktire peyè prensipal la anpremye, epi Medicaid ap peye sa ki rete a. Se poutèt sa manm Medicaid yo dwe di si yo gen lòt sous kouvèti asirans.

Lè w ap aplike pou Medicaid, w ap gen pou w ranpli yon fòm aplikasyon. Eta ki diferan gen kondisyon ki diferan pou Medicaid. Gen anpil chans pou w oblije gen divès kalite dokiman, tankou:

Enfòmasyon pèsonèl

  • Enfòmasyon sou tout moun ki nan kay la (non, dat nesans, ak nimewo Sekirite Sosyal)
  • Prèv sou sitwayènte

Enfòmasyon finansye

  • Enfòmasyon sou lwaye oswa ipotèk
  • Depans (sèvis piblik, gadri, elatriye)
  • Enfòmasyon sou machin
  • Etadkont labank
  • Revni (souch chèk pewòl)

Enfòmasyon medikal

  • Prèv sou andikap oswa dosye medikal ki montre yon pwoblèm medikal ki la lontan
  • Bòdwo medikal ki resan

Pou w aplike, w ap gen pou w pase pa ajans Eta ki jere pwogram Medicaid nan Eta pa ou an. Si w gen kesyon, oswa pou w wè ki plan sante UnitedHealthcare Community Plan ofri nan zòn ou an, tanpri itilize fonksyon rechèch ki nan paj akèy nou an nan UHCCommunityPlan.com.

Wi. Piske D-SNP se yon plan Medicare Advantage, Medicare kouvri pifò nan frè yo lè manm Medicare yo resevwa swen medikal. Pati oswa pòsyon ki rete a se responsablite manm nan pou peye l. Yo ka rele yo yon prim, kopeman, ko-asirans oswa dediktib. Pou moun ki nan yon plan D-SNP, pwogram Medicaid Eta a ede peye frè sa yo.  

Wi, toutotan ou ranpli kondisyon kalifikasyon yo pou Medicaid nan Eta w la. Kit ou resevwa oswa ou pa Asirans Andikap Sekirite Sosyal (Social Security Disability Insurance, SSDI), sa pa chanje kalifikasyon w pou Medicaid. Lè w resevwa SSDI, sa kalifye w otomatikman pou Medicare, men gen yon peryòd datant. Ou pral gen pou w tann pwobableman 2 ane apre ou fin kalifye pou avantaj andikap Sekirite Sosyal anvan ou ka resevwa Medicare. Aprann plis sou andikap Sekirite Sosyal epi Medicaid ak Medicare.

Se gouvènman Eta a ki dirije pwogram Medicaid lan nan chak Eta pou Eta a. Byenke sèten Eta ka ofri diferan tip plan Medicaid, chak plan anjeneral se pou yon sèten tip moun (tankou timoun, fanmi oswa granmoun ki gen revni fèb). Li pa pwobab pou w chanje plan Medicaid ou oswa chanje pou w ale nan yon lòt plan Medicaid sòf si sitiyasyon lavi w chanje. (Si w marye oswa si w vin ansent, pa egzanp). Ou ka aplike pou Medicaid nenpòt ki lè pandan tout ane a. Aprann plis sou plan Medicaid yo ak kouvèti Medicaid.

W ap jwenn yon lyen sou sitwèb la pou ajans Medicaid Eta ou an nan paj "Detay Plan" pou chak plan sante UnitedHealthcare Community Plan ofri. Pou wè plan ki disponib nan zòn ou an, tanpri itilize fonksyon rechèch ki nan paj akèy nou an nan  UHCCommunityPlan.com. 

Medicaid + Medicare

Medicaid bay kouvèti asirans sante pou plizyè milyon moun, sa gen ladan granmoun revni fèb ki kalifye, timoun, fanm ansent, granmoun aje ak moun ki gen andikap. Eta yo ak gouvènman federal la finanse Medicaid ansanm. Medicare se yon pwogram federal. Li bay pwoteksyon asirans pou moun laj 65 ak piplis, ak sèten moun tou ki poko gen laj 65 ki kalifye akòz yon andikap. Aprann plis sou diferans ki genyen ant Medicaid ak Medicare

Wi. Sèten moun kalifye pou ni Medicare ni Medicaid. Moun sa yo kalifye pou Medicare akòz laj (paske yo gen laj 65 oswa piplis) oswa paske yo gen yon andikap. Yo kalifye pou Medicaid tou paske yo ranpli kondisyon Medicaid nan Eta pa yo. Moun ki kalifye pou ni Medicare ni Medicaid gen "doub kalifikasyon." Aprann plis bagay konsènan lè ou gen ni Medicare ni Medicaid.

Medicare ak Medicaid se de pwogram apa ki gen kondisyon kalifikasyon diferan.

Pou w kalifye pou Medicare, ou dwe:

  • Gen laj 65 lane omwen, oswa ou gen mwens pase 65 lane epi kalifye sou baz andikap oswa lòt sitiyasyon espesyal
    EPI
  • Yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan legal ki ap viv Ozetazini pandan 5 lane omwen youn dèyè lòt

Pou ou kalifye pou avantaj Medicaid Eta a, ou dwe:

  • Gen laj mwens pase 65 lane epi ou ranpli kondisyon pou fanmi ki gen revni fèb, fanm ansent ak timoun, moun k ap resevwa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI), alokasyon pou andikap oswa lòt sitiyasyon espesyal
  • Gen laj 65 ane omwen epitou ou:
    • Resevwa Èd Siplemantè (Extra Help) oswa èd nan men Eta ou an
    • Avèg oswa gen yon andikap, men ou pa bezwen swen sou peryòd ki long

Nan kad Lwa sou Swen Abòdab la, pifò Eta te chwazi pou elaji pwoteksyon Medicaid epi mete ladan tout adilt ki gen revni fèb ki gen laj mwenske 65 ane. Lòt Eta yo ka chwazi pou fè sa nenpòt lè. Anpil moun sezi aprann yo kalifye. Se poutèt sa li toujou bon pou w tcheke.

Pou wè si ou kalifye pou Medicaid nan Eta pa ou, vizite sitwèb pou Medicaid nan Eta pa ou. Apresa tcheke kondisyon kalifikasyon yo.

Lwa sou Swen Abòdab la (Affordable Care Act) te kreye yon nouvo biwo andedan Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid Services (CMS). Biwo Kowòdinasyon Medicare-Medicaid la asire moun ki enskri alafwa nan Medicare ak Medicaid gen aksè konplè nan swen sante kalite siperyè san pwoblèm. Objektif la se fè de pwogram yo travay ansanm nan fason ki pi efikas pou amelyore swen ak diminye pri yo.

Pwogram Medicaid yo ka ede Medicare nan peye sèten depans Medicare. Ak nan garanti avantaj Medicare pa ofri, tankou odisyon, transpò, vizyon, swen dantè ak swen alontèm.

Peryòd Enskripsyon Ouvè Medicare (OEP) la dewoule soti 15 oktòb pou rive 7 desanm chak ane. Nenpòt moun ki deja gen nenpòt kalite kouvèti Medicare ka fè chanjman nan kouvèti asirans yo a pou ane k ap vini an. Enskripsyon Ouvè Medicare Advantage dewoule soti 1 Janvye pou rive 31 Mas chak ane. Se sèlman moun ki deja gen yon plan Medicare Advantage ki ka chanje pandan peryòd sa a. Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) se yon kalite plan Medicare Advantage se yon kalite plan Medicare Advantage, kidonk menm peryòd enskripsyon yo aplike. Ou ka aplike pou Medicaid nenpòt ki lè pandan tout ane a. Pa gen peryòd enskripsyon pou Medicaid oswa pou CHIP (Pwogram Asirans Sante pou Timoun yo). Aprann plis sou peryòd enskripsyon Medicare yo.

Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNPs)/doub kalifikasyon

"Doub kalifikasyon" dekri moun ki kalifye pou ni Medicare ni Medicaid anmenmtan. Moun sa yo kalifye pou toude pwogram yo, kidonk yo gen "doub kalifikasyon."

Plan asirans sante doub yo ofri avantaj ak sèvis ki pa disponib anjeneral nan Medicare oswa Medicaid. Avèk yon plan sante doub, ou ap kenbe avantaj Medicaid ou yo, epi ou ap jwenn plis avantaj pase Original Medicare pou yon valè prim plan ki fèb jiska $0. Plan sante doub UnitedHealthcare yo genyen ladan yo yon pakèt kalite avantaj ak karakteristik anplis.1

Plan nou yo ka garanti:

  • Swen dantè woutin
  • Kredi pou achte pwodui OTC ak pwovizyon manje ki kouvri yo
  • Egzamen zye, plis kredi pou linèt
  • Egzamen odysyon (zòrèy), plis kredi pou aparèy pou tande
  • Ak plis toujou

1Avantaj yo, karakteristik yo ak/oswa aparèy yo varye selon plan an/zòn lan. Limit ak esklizyon aplike.

Sèten plan sante doub gen kowòdinasyon swen nan yo tou. Sa se yon gwo èd — espesyalman pou moun ki gen bezwen medikal konplike yo. Yo rann li pi fasil pou jere sèvis doktè ou yo, espesyalis ak swen ou. Aprann plis sou avantaj plan sante doub yo

*Tanpri, konnen plan doub UnitedHealthcare ofri yo, ak avantaj byen presi yo gen nan yo, kapab chanje toudepan kote ou abite a. Pou jwenn plis detay sou plan doub ki disponib nan zòn ou an, tanpri itilize fonksyon rechèch ki nan paj akèy nou an nan UHCCommunityPlan.com. 

1. Èske ou gen avantaj Medicaid Eta? (Si w genyen yo, w ap gen yon kat Medicaid Eta a.)

Ou gen laj mwenske 65 ane epi w ranpli kondisyon pou fanmi ki gen revni fèb, fanm ansent ak timoun, moun k ap resevwa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI), avantaj andikap oswa lòt sitiyasyon espesyal.

  • Ou gen laj 65 ane omwen epitou ou:
  • Resevwa Èd Siplemantè (Extra Help) oswa èd nan men Eta ou an
  • Avèg oswa gen yon andikap, men ou pa bezwen swen sou peryòd ki long

2. Èske w gen Medicare Pati A ak B?

  • Ou gen laj 65 lane omwen, oswa ou gen mwens pase 65 lane epi ou kalifye sou baz andikap oswa lòt sitiyasyon espesyal
    EPI
  • Ou se yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan legal ki ap viv Ozetazini pandan 5 lane omwen youn dèyè lòt

3. Èske w abite nan yon zòn kote plan doub yo disponib?

Yon ajan lavant otorize UnitedHealthcare kapab di w si w abite nan zòn sèvis nou an. Oswa, pou w wè plan ki disponib yo nan zòn ou an, tanpri itilize fonksyon rechèch ki nan paj akèy nou an nan UHCCommunityPlan.com.

Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) gen yon Peryòd Enskripsyon Espesyal (Special Enrollment Period, SEP) k ap dewoule pandan 9 premye mwa yo nan ane a. Moun ki kalifye yo ka enskri oswa chanje plan yo yon fwa chak 3 mwa. Chanjman enskripsyon yo ap antre anvigè nan premye jou pwochen mwa a.

REMAKE: Li enpòtan pou sonje, pou ou rete kalifye pou yon plan sante doub, ou dwe resètifye pou Medicaid chak ane. Toutotan ou rete kalifye, plan sante doub ou an ap renouvle otomatikman chak ane. Aprann plis sou enskripsyon nan plan doub

Manm Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP) dwe kalifye pou Medicaid.  Si yon manm pèdi kalifikasyon Medicaid li, li antre nan yon peryòd gras. Selon plan sante a, peryòd gras sa kapab 30 jou oswa jiska 6 mwa. Manm yo ka jwenn swen ak sèvis toujou an pasan pa plan sante yo, epi Medicare ap peye toujou pou pifò swen ak avantaj ki kouvri yo. Sèl diferans lan sèke, pandan peryòd gras la, manm D-SNP an pral responsab pou nenpòt frè ki sot nan pòch. Sa yo ta ka kopeman, ko-asirans, dediktib ak prim ke Medicaid ta peye pou yo oparavan. Aprann plis sou pèt kalifikasyon D-SNP.

D-SNP la vle di Plan Doub pou Bezwen Espesyal (Dual Special Needs Plan). Plan sa yo se pou moun ki gen revni fèb ki gen doub kalifikasyon pou alafwa pou Medicaid ak Medicare. C-SNP la vle di Plan pou Bezwen Espesyal Kwonik (Chronic Special Needs Plan). Plan sa yo se pou moun ki soufri yon pwoblèm sante kwonik. Egzanp yo gen ladan ensifizans kadyak kwonik, maladi kadyovaskilè ak dyabèt. Aprann plis sou Plan pou Bezwen Espesyal Medicare yo.

Medicare Pati D se kouvèti medikaman preskripsyon. Li kouvri sèten medikaman sou preskripsyon ki pa deja kouvri nan Medicare Pati A ak B. Plan Bezwen Espesyal Medicare yo (SNP) yo se yon tip plan Medicare Advantage. Plan sante doub yo gen nan yo kouvèti medikaman. Men, si ou pran nenpòt medikaman sou preskripsyon, ou dwe asire w medikaman ou yo kouvri nan yon plan sante doub anvan ou enskri. Aprann plis sou kouvèti asirans medikaman preskripsyon nan plan sante doub.

Si w gen yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal (D-SNP), pifò nan frè ou yo pwobableman pral kouvri pou ou. Lè manm Medicare yo resevwa swen medikal, Medicare pa kouvri montan konplè a pou sèvis yo. Pati oswa pòsyon ki rete a se responsablite manm Medicare a pou peye l. Yo ka rele yo yon prim, kopeman, ko-asirans oswa dediktib. Pwogram Medicaid Eta a ede peye frè sa yo pou moun ki gen revni fèb yo. Si ou pa gen Medicaid, depans egzat ou yo gendwa depann ak plan ou chwazi an.

Wi, Plan Doub pou Bezwen Espesyal (D-SNP) se plan ki baze sou rezo. Plan sa yo egzije pou manm yo jwenn swen ak sèvis nan men doktè oswa lopital ki nan rezo Medicare SNP yo. Rezo SNP yo varye nan gwosè ak popilasyon yo sèvi yo. Kalite rezo yo gen ladan:

  1. Rezo ki kouvri yon zòn byen presi. Pa egzanp, yon rezo ka kouvri yon Eta annantye, alòske yon lòt rezo kouvri yon sèl konte. Souvan, sa vle di ke plis pase yon sèl rezo ka sèvi yon zòn.
  2. Rezo ki annafè ak yon sèten pwoblèm sante, tankou demans. Founisè ki bay sèvis pou pasyan ki gen pwoblèm byen presi ka patisipe nan rezo a.

Aprann plis sou fason pou jwenn bon doktè an lè ou gen Medicaid ak Medicare.

Ni Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP) ni Plan Medicare-Medicaid yo (MMP) fèt pou rann li pi fasil pou moun ki gen doub kalifikasyon yo resevwa swen. Plan sa yo senplifye aksè nan swen an pasan pa Medicare ak Medicaid. Men, genyen yon diferans kle. Avèk yon MMP, tout avantaj Medicare ak Medicaid yo founi an pasan pa 1 sèl grenn plan sante. Avèk yon D-SNP, manm yo konsève menm plan Medicaid la ak tout menm avantaj Medicaid yo jan yo jwenn yo jodi a. Anplis, yo gen yon plan Medicare Advantage apa ki ba yo anjeneral plis avantaj ak karakteristik pase avèk Original Medicare. Yon lòt diferans sèke se sèlman moun ki plen doub kalifikasyon ki kapab enskri nan yon MMP, alòske li posib pou moun ki gen doub kalifikasyon ni konplè ni pasyèl jwenn yon D-SNP. Aprann plis sou avantaj Medicaid ak D-SNP yo.

Wi. Kouvèti dantè* se youn nan anpil avantaj anplis ou ta ka jwenn gratis avèk yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal (D-SNP) nan UnitedHealthcare. Anplis egzamen ak netwayaj regilye yo, ou ka jwenn tou yon alokasyon pou sèvis dantè. Alokasyon sa ta ka ede peye pou yon seri swen dantè, tankou plonbaj, kanal rasin, enplan ak lòt sèvis dantè yo. Aprann plis sou kouvèti dantè D-SNP pou moun ki gen Medicaid ak Medicare.

*Avantaj yo varye selon plan an ak zòn sèvis la. Limit ak esklizyon aplike.

Wi. Èd pou transpò* se youn nan anpil avantaj anplis ou ta ka jwenn gratis avèk yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal (D-SNP) nan UnitedHealthcare. Ou pral gen yon kantite kous ale senp ou kapab itilize pou okipe bezwen swen sante yo. Si ou ta bezwen ale nan yon vizit kay founisè swen oswa nan famasi pou pase pran preskripsyon w, ou ta ka jwenn yon kous gratis pou mennen ou la ale retou. Aprann plis sou èd pou transpò nan D-SNP pou moun ki gen Medicaid ak Medicare.

*Avantaj yo varye selon plan an ak zòn sèvis la. Limit ak esklizyon aplike.

Wi. Kouvèti pou Vizyon* se youn nan anpil avantaj anplis ou ta ka jwenn gratis avèk yon Plan Doub pou Bezwen Espesyal (D-SNP) nan UnitedHealthcare. Anplis egzamen òdinè nan zye yo, kouvèti vizyon ou ka ba ou plizyè santèn dola kredi tou pou ede peye pou linèt. Sa ta kontribye anpil pou ede peye pou yon nouvo linèt oswa vè kontak. Aprann plis sou kouvèti D-SNP pou vizyon pou moun ki gen Medicaid ak Medicare.

*Avantaj yo varye selon plan an ak zòn sèvis la. Limit ak esklizyon aplike.

Wi. Enskripsyon pou Plan Doub pou Bezwen Espesyal yo (D-SNP yo) baze sou Eta a. Yo ofri D-SNP yo nan pifò Eta yo, men se pa nan tout Eta yo. Epitou, tip D-SNP ki disponib yo (epi avantaj chak plan ofri) kapab chanje selon konte kote w abite a. Ou ka itilize espas rechèch ki anba paj la pou wè ki plan ki disponib nan zòn ou an. Si w gen dout, ban nou yon koutfil epi pale avèk youn nan ajan otorize nou yo. Yo pral eksplike tout chwa yo epi ede w jwenn bon plan sante doub kalifikasyon an pou ou.

Gade plan UnitedHealthcare yo nan zòn ou

Avantaj ki gen nan plan doub kalifikasyon oswa Medicaid kapab chanje selon kote w ap viv la. Sèvi ak kòd postal ou pou fè rechèch pou jwenn pi bon plan an pou reponn a bezwen swen sante ou yo.

Ou gen kesyon toujou

Nou la pou ede ou

Kontakte nou nan:
1-844-812-5967 / TTY: 711
8 a.m. a 8 p.m. lè lokal, 7 jou pa semèn.

Ou gen kesyon toujou

Nou la pou ede ou

Kontakte nou nan:
1-844-812-5967 / TTY: 711
8 a.m. a 8 p.m. lè lokal, 7 jou pa semèn.

>
Powered by Translations.com GlobalLink OneLink Software